Pa gen okenn glwa nan viktwa san peril Nou chak gen kwa n, m p ap sibi istwa a, m ap ekri l M livre kèk konba k pa vo lapèn Yo di m detui on rapè se konsa emnm wap pwouve ou rapè Se pa t janm on game pou mwen, on risk a chak pa Jèn, nayif, se mwen k mennen tèt mwen labatwa Se lavi on tijenn pasyone Melanje jwa pèn, lanmou èn Zeprèv yo fasone m Lè ou pèdi tèt ou nan on rèv, revèy la brital M soti kote balad pou bèse n se bri bal S on arèn, m blije kanpe an Maximus Chak jou lanmò souri ban m, sa m ka fè, souri ba li tou M fè kèk chwa, m jwe ak difi, m boule M pran kou men pi di a se wè dlo jwe manman koule Kiyès ki te di on gèrye pa konn soufri Sèkèy mwen, gen sa k ap vin pou kriye genyen k ap vin krache sou li Omwen Rap mwen t ap defann koz Ki jis kit a sakrifye karyè m te klè la a pa on kabann woz Asime chwa ou, peye dèt ou, asime zak ou men Pi gwo konba fèt anndan ou, se ant ou menm ak ou menm M rive jwenn lapè m, jou m resi touye ego m Se pa pouvwa yo men koz ou chwazi defann yo k fè ou ewo Mouri an brav, viv lib Veni Vidi Amavi Vici M pat gen tan pou swiv avan’m rantre (ouais) se te pi fò ke mwen Anvi an te inevitable pou rap yo pat janm fòse‘m Pasyon gide’m menm te chwazi bò’m en fin’d compte Powèt depi sou ban lekòl m gen zòrèy m pat vle fè wont M kanpe kote sa pi mal nan pòch men pi byen nan sèvo M kanpe kote sa’k mal nan malèt e ki pi byen nan sèso (pause) M pat janm la pou fè’w wè, men pou fè’w tande Sak fè’m pat vle pote’l ba ou nan on club men pito nan on bèso Se mwen’k vini yo pa rele’m e sa se mwen tou Yon rapè tris on dirait bonè ekate lwen’l tou- M ka ba’w dwa korije diskou’m, korije pase’m tou man E peu importe fason’w ta pran’m pou cible ou pap rate’m tou man M te wè a je m potko konn jan pou’w wè a kè M te wè’w anlè m potko konn jan pou’m wè’w atè - Sa’w rele chans mwen’m rele’l okazyon m rate sa lè’m vle E’m pa fè sa souvan menm toujou genyen chak lè’m jwe M konprann, si e pou sa m pap pantan ankò M pa vle viv an ipokrit a moun, m pa fè sanblan ankò M’aprann plus ke sa’m gen pou egzanp m’aprann de silans ou Twonpe pwòp Tèt ou pou moun pa twonpe vijilans ou M kenbe la, m’paka lache tou m la bon tan M poko gen motif pou’m ta bay vag m la pou lontan M g’on lòt vwa’k gen pou konfye’m on lòt misyon Nouvo Kenndy a m gen pou’m prezante’w li, li an konstriksyon