Heaven was needing a hero Somebody just like you Heaven was needing a hero Somebody just like you Kouman pou m vanse lè w kite m ak andikap Pou ekri w sa, m pa t bezwen plim men on ti plat Rezon m ba tèt mwen pou m kenbe, pou soulaje pèn mwen yo Sè ke petèt syèl la te bezwen on ewo Fò m di w, anyen pa chanje Pasa stil pa renmen sòti Esther toujou ap brave danje Mwen m pa gen chwa lavi a fòse m granmoun Ou a konn nivo on nèg onèt se lè l anfas grangou M konn sak rele mache chache, al dòmi san soupe An pasan, sa gen mwa depi m kanpe Live Today M konn sak rele sonnen men pèsòn pa reponn alapèl Ki mizè ou konn pase pou ban m e lè m di w mèsi ou di m palapèn M swete w jwenn mesaj yo Ou a reponn byen petèt lè w fin konte tout zetwal yo Pi gwo ennmi m se tan an Li pa rive geri doulè pou m santi prezans ou m koute Twopikana ak Septan Heaven was needing a hero Somebody just like you Heaven was needing a hero Somebody just like you Ou kite vid M potko prè pou m ranplase w Sèl gid mwen pou modèl fiti m M pran pase w Gran Paran M swete w jwenn lapè Alada kote brav yo ap repoze a jamè Rakonte m erè w yo, pa t anpeche m fè pi mal Raple w tout saw di m ou te ka akonpli, si w te gen sètifika 2 fac san regle anyen kouman pou m pa wont Ou ki te toujou reve wè pitit ou depase patwon w Devan moun ou pa t janm koube w Se kote w m pran sa Ou aprann mwen anpil menm si w te panse m pa t janm koute w Ou s on wa sou jan ou te konn trete Esther kou rèn Avan l al jwenn ou sou li tèt li map depoze on kouwòn Mond lan vin pi kriyèl Chak lè m panse a Nihassa m konprann pouki anndan chak paran g on kriminèl Pou evite m tonbe se a mizik la m akwoche m Fèy la mouye, lank fè plas bay dlo je Terib, pandan m ap kriye pou ou ki pa la Nan kay anfas lan, m wè gen youn k ap souflete pa l la Papa m pa alkolik m te vle nwaye chagren San rann kont gen vid ni dlo je ni alkòl pa ka plen Heaven was needing a hero Somebody just like you Heaven was needing a hero Somebody just like you Ou kite vid M potko prè pou m ranplase w Sèl gid mwen pou modèl fiti m M pran pase w Gran Paran M swete w jwenn lapè Alada kote brav yo ap repoze a jamè