Mèsi papa Mèsi pou pwoteksyon’w m te kwè si Se pat ou menm m tap trennen ou banm 2 rapè sexy Yo bay love yo bay Plezi, yon lòt vibe lòt pwezi Rap mouri viv rap, tout sak pat vle wè’m koulyea fin krezi Se ak kè kontan’m tande’m nan tout baz nan tout peyi a M’antre nan tout kay se pa avè’m granmoun ap veye’w la Gen youn ki di’m ‘sove vi’l’ lòt di sa’m fè de li Poutan se youn ki sove vi’m e lòt la menm m fyè de li Rele yo espwa 2 album sa yo Rod over D-Fi, Plus Fier Que Jamais rele yo eksplwa Classic eksplwa basique istwa Se sa yo souvan rakonte yon taktik de chwa Ki mache jouskisi m pa pile pwason lè’m sou do yo Lòt tandans mèt tounen tanpèt m naje byen lè’m sou dlo yo Yea m toun’on vrè klass pou anseye Yea m toun’on vrè baz pou konseye Mèsi Rap, pozisyon n fè avèg nan jungle lan Pa konn si se matirite’n pa konn si se brain nan Mèsi KenFs D-Fi nou kraze dout mwen Mesi Pòdpè Castro pou Nèg sa yo’n mete sou wout mwen Gad sa ou fè de nou Nou soti lwen, men ou mennen n pi lwen toujou Pòdpè, site Castro fyè de nou Kwonik 2 Reskape, w te la lè pa t gen pèsòn ankò Ou soutni nan prizon, ou wete n nan koulwa lanmò Ou pa ba n fan, nou fè moun, menm si se kèk grenn Chanje fason yo wè n, pase de kèlkonk a kèlkun E menm lè yo te di nan vi n nou pa t ap janm anyen Pa t koute presyon lavi, ou fè yo pa t al jwenn nou titanyen Ou ba vi n sans, fè n jwen rezon nan foli n Limyè djaye, nou jwenn vrè kriye nan mitan fo ri Gen sa ki te rayi avan, jodi a ki vin fàn Nan mitan ipokrizi yo ou ban n kèk zanmi fyab Zanmitay! Pou janbe tou yo ou te sèvi n pon Pou touye ego lakay nou ou te sèvi n plon Lè n te di mizik sove vi n, gen sa k te di n blag M ap di ou, nou chanje ou e ou chanje lavi n back