Sa pase si vit Tout sa m ka di se lanmou pa sifi Sa k te fè m kontan yè, jodi a fè lapèn Sa fou jan on nuit ka chanje lanmoun an layèn Sèlman sa k rete m se kèk souvni Kèk vye rim pou m fè on powèm Piti piti nanm mwen ap mouri Mouri On nuit pou m pèdi souri w Tou pèdi rezon viv mwen ou ale ak bonè m Kite m ak plè k pa ka panse M toujou gen enpresyon sa pase yèswa (yèswa) Yèswa ou t on zanj, maten an s on demon m pa rekonèt On nuit sifi pou remet an kesyon tout sa m te pwomèt Rèv nou pèdi nan longè nuit lan Èn ranplase lanmou , nòmal, raple ou lanati pa vle wè vid lan Yèswa n te lwayal, se te nou kont tout mond lan Maten an n fasafas ride or die se te ilizyon an M ap pran tan pou renmen ankò, kè m mande repo Thug yo konn kriye tou mande Ginette Reno Gad nan je m w ap wè jan m mal, cause eyes never lie Di powèt la l manti kou chen lè l di love never die Dezespere, m voye sa tankou boutèy nan lanmè Konprann, nan eksè menm myèl vin anmè On nuit sifi pou baskile tout on vi tout anvi m Se brize ou tou pou konn jan sa fè mal nan tèt mwen se tout on fim Se fou jan byen rapid moun yo chanje Yèswa nou te fè youn, maten an n se 2 etranje Sèlman sa k rete m se kèk souvni Kèk vye rim pou m fè on powèm Piti piti nanm mwen ap mouri Mouri On nuit pou m pèdi souri w Tou pèdi rezon viv mwen ou ale ak bonè m Kite m ak plè k pa ka panse M toujou gen enpresyon sa pase yèswa (yèswa) Pran mal nou an pasyans, espere tan ap pot gerizon Pèdi nan on djèl, kiyès ki gen tò, kiyès ki gen rezon Kote pwojè lavni n yo pase Yèswa n te ekri lanmou n sou sa sab lanmè a, maten an vag yo efase l Yèswa ou te onèt Maten an menm silans devwale manti yo panse m te on sipèewo, an fèt m te on maryonèt Jan ou blese nanm mwen, konsa m ta vle blese w nan kò w Yèswa m pase toupre ashtag #balancetonporc Yèswa m t on prince charmant, maten an m s on sal thug Resipwòk, yèswa ou t on prensès maten an ou s on salòp M p ap kondane lemond M p ap pran on bitch pou jije tout menm m gen dout, souri zanj yo konn kache demon Sa sot nan kè m, si l blese w se paske m brize Merde gen plè k p ap janm sikatrize Men kòman pou fè konfyans ankò lè yo trayi ou Lè menm bouch ki tap di w l renmen ou yèswa a, maten an ap di l rayi w Sèlman sa k rete m se kèk souvni Kèk vye rim pou m fè on powèm Piti piti nanm mwen ap mouri Mouri On nuit pou m pèdi souri w Tou pèdi rezon viv mwen ou ale ak bonè m Kite m ak plè k pa ka panse M toujou gen enpresyon sa pase yèswa (yèswa)