Nou te gen lavi a devan n, te pote espwa Anyen pa t ka bare n, pakou n sinonim eksplwa Men domaj domaj anpil rèv mouri nan tiwa Avan Stan, anndan Patwouy fò m di w m te konn Tira Li etenn, dlo je m koule pandan m ap ekri sa Rim mwen yo pa sifi pou dekri trajedi sa Yo ale san yo pa menm briye Ki moun anndan Castro ki pa t reve wè Josué Tizè nan NBA Getoyout pa pran chans li Konbyen talan k gache Djelems, Ti Ben, Nickson, Sansi Fò m diw anndan geto a, nou gen galaktik nou Avan m te touche mic la, mwen te fanatik tou An vrè m pa ka eksplike sa k te sèvi baryè M vin konprann ou ka gen talan men ou pa rive fè karyè Pati etensèl, menm syèl yo pa rive atenn Si chak jou on zetwal fèt konnen chak nuit on zetwal etenn Nou te mete espwa nan talan yo men yo koule Avan menm yo kanpe, move tan toupizi yo Lè solèy la leve, nou wè rèv yo k ape file Avan nuit lan tonbe, barikad yo jennen yo Zetwal yo konn etenn San Mele kòman pou m di ou pati twò bonè Game nan tap manje w tou li pa gen kòd donè 15 zan, m pa kwaze talan tankou ou, bèt nan freestyle Move kote nan move moman, mwens ke 6 bal Talan nou yo nou dekouvri yo nan ti sourit Nou pa gen The Voice, nabisan kote Ti Woudi M regrèt talan l pa vin fè m kwè la se paradi M pa konn koz la, sa k di dwòg lòt di se maladi M ap panse ak tifi sa, m evite site non l Men se mòd timoun nan lekòl yo te di se bonm Anplis de doktè l te reve vin on top modèl 15 an apre l ap jwe vi l ant twotwa ak chanm otèl Anpil talan mouri anonim M ekri sa pou di yo pa t fè on pasaj a vid menm si ou pa refè lavi ak on plim Pati etensèl menm syèl yo pa rive atenn Si chak jou on zetwal fèt konnen chak nuit on zetwal etenn Nou te mete espwa nan talan yo men yo koule Avan menm yo kanpe, move tan toupizi yo Lè solèy la leve, nou wè rèv yo k ape file Avan nuit lan tonbe, barikad yo jennen yo Zetwal yo konn etenn Genyen ki vini ki jwenn on ale senp pou syèl Ki refize briye ki konn rès la se pousyè Genyen ki refize glwa paske sa pa sanble l Siksè divize, pandan tout lide l se te rasanble Li vini li wè li pran plezi l, li fè sa l kapab L ap ret on souvni panse ak li lè w gad syèl la chak swa Pati etensèl men syèl li refize atenn Si chak jou on zetwal fèt konnen chak nuit on zetwal etenn Nou te mete espwa nan talan yo men yo koule Avan menm yo kanpe, move tan toupizi yo Lè solèy la leve, nou wè rèv yo k ape file Avan nuit lan tonbe, barikad yo jennen yo Zetwal yo konn etenn