Si w vle m afiche w Pouki w pa vle m mennen w kot paran m? E si m paka touche w Devan zanmi w, kisa w vle m atann? (Di mwen non, di mwen non!) Chagren lanmou mete m à bout Oh, yeah yeah yeah (M santi m pa kapab) M vle konn sak genyen entre nou So di m Poukisa ou renmen mwen? Eske se pou mari w? Cherie, ou bezwen mwen? M ta vle konnen Poukisa ou renmen mwen? Di m non, baby Se pou mennaj ou avèk mwen? Reponn mw vit Mari, mennaj? (Mari ou mennaj?) Mari ou mennaj? (Di mwen non, di mwen non!) Mari ou mennaj? (Di mwen tanpri!) Mari ou mennaj? W pa bezwen mande m, ti kè m pale avè m M konn byen sa m vle deja Mwen gen tout rezon pou m ap doute M pa vle ba w kè m pou w fè dega Pou ou, m gentan tonbe Te kwè w di m se fwaye w te vle fonde Hmmm! Men nouvèl la fenk tonbe Nan relasyon, met moun kwense moun M pa 3èm bae w! Ok, m wè w vle m kole, kole, kole Di m non si pou m dekole Pa vle w lage m nan tole E lanmou mwen m vinn pwone M pap kapab, non non non non non! (Non non, anh!) M pa vle w fè m mal, oh mal, oh mal, oh Poukisa ou renmen mwen? Eske se pou mari w? Cherie, ou bezwen mwen? M ta vle konnen Poukisa ou renmen mwen? Di m non, baby Se pou mennaj ou avèk mwen? Reponn mw vit Mari, mennaj? Mari ou mennaj? (Eske se mari ou mennaj?) Mari ou mennaj? (Mari ou mennaj?) So please, please! Men tout moun ap di m ou pa chich So please, please! Ban m bon rezon, pa fè kapris Si w se pa m vre Fè tout moun konnen ke m se mari w Si w se pa m vre Pouki m wè w kanpe yon jan pou w blo m? (Blo m, blo m, blo m!) M ap peye bill, lòt nèg menm nan do w (Do w, do w, do w!) W ap ban m ak kiyè, y ap pran nan bòl (Bòl, bòl, bòl!) Yon relasyon k bati sou zoklo (Klo, klo, klo!) Men di mwen non! Poukisa ou renmen mwen? Eske se pou mari w? Cherie, ou bezwen mwen? M ta vle konnen Poukisa ou renmen mwen? Di m non, baby Se pou mennaj ou avèk mwen? Reponn mw vit Mari, mennaj? (Oh, mari ou mennaj?) Mari ou mennaj? (Di m non, di m non, pou m ka konnen!) Mari ou mennaj? (Mari ou mennaj?) Ohh, oh, oh