Cheri, lè n te kite kè m te tèlman blese m te vle fè w mechanste Kou on vwatu dezanbriye tan ape pase mwen pa ka bliye w Konen se le pase men m toujou ap mande pouki sa pat mache Ou fèm soufri lontan, a chak fwa mwen pale w toujou di m se pa vre Chak fwa ke m rankontre w, m fè kòmsi m pa bezwen w Menm si ou wè mwen pap kriye, andedan kè m ap dechire Chak fwa ke m rankontre w, m fè kòmsi m pa renmen w Menm si ou wè mwen pap kriye, andedan kè m ap dechire Pou jan nou te renmen pèsòn pa ta panse ke yon jou n ta kite Men lè sa pa mache pa gen de solisyon n oblije separe M swete yon jou ou twouve yon lòt gason k renmenw e ki pap janm kite w Cheri, pa janm bliye menm si n pa viv a de mwen vle w toujou heureuse Chak fwa ke m rankontre w, m fè kòmsi m pa bezwen w Menm si ou wè mwen pap kriye, andedan kè m ap dechire Chak fwa ke m rankontre w, m fè kòmsi m pa renmen w Menm si ou wè mwen pap kriye, andedan kè m ap dechire Nou chak fè yon chemen Pou soufrans nou pa retounen Santi kè m vin febli E lanmou pa frape piti Nou chak fè yon chemen Pou soufrans nou pa retounen Santi kè m vin febli E lanmou pa frape piti Byen ke m twouve yon lòt, doudou, e panse a ou tou lè jou Lè konsa m santi mwen dekontwole mwen santi m debousole Wi se ou, se ou ki toujou gide mwen Li pran mwen tan pou m reyalize l e m pa ka efase l Nou chak fè yon chemen Pou soufrans nou pa retounen Santi kè m vin febli E lanmou pa frape piti Nou chak fè yon chemen Pou soufrans nou pa retounen Santi kè m vin febli E lanmou pa frape piti Wap padone si m di w, cheri, lanmou m pou ou pap janm fini Tèlman m gen souvni, m pa ka bliye w, m pa ka bliye w Franchman m ta renmen wè w ankò, menm si nou ta fè ti chita pale Doudou, m ta santi mwen soulaje Nou chak fè yon chemen Pou soufrans nou pa retounen Santi kè m vin febli E lanmou pa frape piti Nou chak fè yon chemen Pou soufrans nou pa retounen Santi kè m vin febli E lanmou pa frape piti