M kite w la avèk dlo nan je w M kite w la mal mwen ap wonje w Ou nan yon ti kwen w ap panse a retou m Poutan mwen afè m fin ranje M kite w la mal mwen ap wonje w M te fè w pwomès ke m ap ret kote w E mwen pou di w tout sa m fè w E ofon sa ap fè m twò mal M kite w adikte tandike mwen konnen m pa t ap kapab E ou menm ki vle bay tout sa w genyen pou di ke m pa koupab E ki te m pral di ba ou omwen pou w santi w miyò Menm si l pap dirab M kite w nan yon dout ke san dout tout efò w pa t janm rantab Mwen kite w ak vid ou Mwen kite w ak dout ou Mwen kite w ak yon gou Anmè m met sou bouch ou Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w nan wout ou Mwen kite w nan labou Mwen kite w sans atout M met lanmou w san yon sou Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w, mwen kite w Se vre mwen te fè w konprann ke m te fò Efò w mwen vle w fè se sispann bay tèt ou tò Koz tout sa se fòt mwen Wi tout sa se fòt mwen Pòt kè ou te lòk M fòse w louvri pou mwen W ofri m lanmou w pa stòk Spot maryaj nou w t ap fè But sa pa t nan plan mwen Non tout sa pa t nan plan mwen W ap konprann mwen yon jou mwen kwè M ap kontan si yon jou mwen wè w K ap souri nan bra yon lòt K ap fleri koz se pa zòt ke zòt sa pa t konn valè w se mwen Koz avè m ou te vle toujou toujou toujou toujou toujou bay Menm lè mwen pa tap ba w Malgre sa w tap goumen chak jou chak jou chak jou Pou w wè si w t ap kapab pa peye pou koupab Mwen kite w ak vid ou Mwen kite w ak dout ou Mwen kite w ak yon gou Anmè m met sou bouch ou Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w nan wout ou Mwen kite w nan labou Mwen kite w sans atout M met lanmou w san yon sou Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w, mwen kite w Mwen kite w, mwen kite w