Li pa gen limit pa gen kè li pa titiye Ou pa epanye nenpòt kote w sitiye Ni inosan, ni kiyes ki tiye Li pa gen baryè li pa konn sa kilti ye Ou mèt annafè a pa bon w ap konn sitire Peny ti dan mèt devan w pap konn si l sire Eh ou mèt fuir ou mèt kouri Lè cupidon debake ou pap konn si l tire Se rete w ap rete w ap tonbe plat Ti kè w ap vin piti l ap tonbe bat Ou ka menm al achte bag ou mande dat Aprè w ap pran deception pou w al tonbe back Li parèt san zatann lè w panse l pa la Chak moun on cavalier pou danse bal la Dèfwa pou pa w la vini fò w pase pa la Li tankou lanmò fò w pase pa la Ou te mèt te tonbe ou pral tonbe pi rèd Ahh ou te mèt te kriye ou pral kriye pi rèd Frè m ou mèt di w pap tounen w ap tounen pi rèd Ou pa gen chwa frè m s on pasaj oblije w ap tonbe pi rèd Ou mèt kouri sèmante fè sa w vle Ou mèt evite L ap toujou frape san l pa envite E menm sou konnen w pral soufri Lèl parèt w ap pran kè w ou ouvri l San w pa ezite Ou pral tonbe sou youn ki ba w degou On lòt ap pran w nan tristès ki fè w debout Men poutan ou ka kite l pou yon lot ou renmen plis Ki just wè w tankou yon moun l ap bay 2 kou Lanmou jodi ka fèw kriye Men demain li pral fè w souri Li blese w grav li brize kè w Yon lot moun pral ede w geri l Malgre echèk ou yo Pa jwenn moun ki renmen w non Menm si lanmou fè w monte le syèl pa do S on fado hou, ho Lanmou s on lento li ye Oh oh oohh Lanmou s on lento li ye Oh oh oohh Lanmou s on lento li ye Oh oh oohh Lanmou s on lento li ye Oh oh oohh, oh ooh