Ekip pitit granmètla pote mesaj (La ya man) Mizik sa pa jis pou nou danse Non plis poun opine Men pito poun konsyantize Fòk nou revòlte Tout sa map di la yo dil deja Menm oblije raple nou sa Nou rive nan bout la N paka desann pi ba (Paka desann pi ba) Nou pran limyè wouj la (Nou pran limyè wouj la) M pa premye moun kap denonse M ta renmen mwen se dènye Avan vaz lap ap ranvèse e e Sa n poko wè ankò (Sa n poko wè ankó) Nou bouke konte mò (Pa anvi wè ankò) Peyi a gangsterize (Pa gen trankilitte) Nou jete dlo nou lapriyè (Nou pa konn ki sen pou n rele) Sa n poko wè ankò (Sa n poko wè ankó) Nou bouke konte mò (Pa anvi wè ankò) Peyi a gangsterize (Pa gen trankilitte) M pa anvi wè ankò (Nou pa konn ki sen pou n rele) Gad eta n gad eta nou Gad eta n gad eta nou Oh oh oh oh Kilè nap ka desann lavi l o Oh oh oh oh Kilè nap pase matisan o Tanpri papa Bondye Pa kite zyem fèmen poum pa wè lakay chanje woy, chanje woy Tanpri papa Bondye Pa kite zyem fèmen pou wè peyi m chanje woy, chanje woy Rele Feray o (rele) Rele zanj yo (rele) Rele sen Jak majè Ou pa wè chimen n bare (rele) Rele Grann yo (rele) Rele madan Lemba (rele) Badagri papa Legba Louvri pòt peyi a souple Tanpri papa Bondye Pa kite zyem fèmen poum pa wè lakay chanje woy, chanje woy Tanpri papa Bondye Pa kite zyem fèmen pou wè peyi m chanje woy, chanje woy Edrice, play it from the soul Yeah like that Rele Feray o (rele) Rele zanj yo (rele) Rele sen Jak majè Ou pa wè chimen n bare (rele) Rele Grann yo (rele) Rele madan Lemba (rele) Badagri papa Legba Louvri pòt peyi a souple