Menm si laj mwen janbe kalandriye Kè mwen, kò mwen pap Janm bliye Mwen s'on vòlkan k pral reveye Lò zèl ou rive touché syèl mwen, vini Ou konnen pran, ou renmen bay Nou de se byen jwenn, byen kontre Ou s'on degouden, m s'on senkant kòb Pèsonn pa gen pou bay monnen Ouvri pòt bay lanmou antre Vin n pale m de sa wap reve Pa bloke sou sak te rive ou S'on lot chapit nap komansé Pran men m, mwen prale renmen w Pran chans ou, parié sou mwen Ou se proje m, ou se plan m M pa prese, map pran tan m, hm hm Pou ou mwen prale dedouble Yon fanm fatal, yon fanm total Nan tout klas ou map redouble Avè w map fe yon pwen final, hm hm Pran men m mwen prale renmen w Pran chans ou parié sou mwen Ou se proje m, ou se plan m M pa prese, map pran tan m, hm hm Ou ka lage kò w nan pla men m Ak tout makout, tout istwa w Pa kamoufle, pa degize Ou met vini jan ou ye S'ou te konnen jan mwen pare Ak de pou n al eksplore Tout ti chimen lanmou ofri, i i i Cheri, pran men m Mwen prale renmen w Pran chans ou parié sou mwen Ou se proje m, ou se plan m Mwen pa prese, map pran tan m Cheri, vini, pran men m Avanse pa kraponnen Pran yon chans, parié sou mwen Pa kanpe, ann al pi lwen, hm hm hm M pa prese (mwen pa prese) Map pran tan m (mwen pral pran tan m) Avanse Avanse pou m ale renmen w Mwen prale renmen w Mwen prale renmen w Ouuuuuuu