Nou tonbe men fò n leve Timoun sa n di n pral rekòmanse - wey Kanpe gen yon peyi pou n rekole Se tè manman n se byen papa n N ap fè kwa ya vin pile l Timoun se vre fòn leve kanpe Sonje nou pa gen lechwa fò n vanse N a pentire bale wouze, n a triye bon grenn nan laye Tout sa k sòti nan lanmou pa gen danje Ann rasanble rekonsilye, nan tèt ansanm sekrè a ye Ayiti se pa n li ye, ann ba li zèl pou l vole Makònen pou n pwoteje trezò zansèt nou yo kite Timoun sa n di fò n rekòmanse Tanpri an nou pa mache gaye Bouke preche, bare prochen, touse manch nou pou n beche Veye anpil je kale ap chache on wout pou pwofite lò n divize Ann klotire, ann rebwaze byen pou pitit nou jwi demen Tout sa k sòti nan lanmou pa gen danje Ann rasanble rekonsilye, nan tèt ansanm sekrè a ye Ayiti se pa n li ye, ann ba li zèl pou l vole Makònen pou n pwoteje trezò zansèt nou yo kite Hm hm Hm hm Nou pare Ye ye ye yeah, yeah Ye ye ye yeah, yeah Ye ye ye yeah, yeah Ye ye ye yeah, yeah Lavi a pa rekile, fò nou vanse, fò nou vanse Wey Ann ale Se sa, se sa An nou wè Ye ye ye yeah, yeah Ye ye ye yeah, yeah Lavi pa rekile, fò n vanse timoun Lavi pa rekile, fò n vanse timoun Lavi pa rekile, fò n vanse timoun Lavi pa rekile, fò n vanse timoun