Chay chay chay Chay chay chay On chay lanmou sou kè m On chay mizè sou kè m Chay chay chay Chay chay chay On chay lanmou sou kè m On chay mizè sou kè m Ou te ka sèl moun ki sou kè m Men ou fè twòp twòp erè Ou te ka sèl moun ki fè bonè m Men ou fè, mezanmi ou fè Ou gen bon kè, men pye ou twò lejè Ou la wap fè sekrè Aprè sa ou gade m nan je ou di cheri (ou souri) Epi w banm manti An Kreyòl sa vle di ou son ka M pa ta renmen mache bò kot bagay sa M pa ka pèmèt mwen Mennen l lakay la Di mwen kisa pou m ta fè la Malgre malgre m konnen m pral soufri Malgre malgre tout jouman m ta di Malgre malgre si, malgre sa Mwen pa ka viv san ou Ou fè mwen twòp move bagay Ou ta di m high, nou kou de kòk ki tonbe batay M ap pote on chay lanmou sou kè m On chay mizè sou kè m Genlè mwen tolere twòp bagay Genlè mwen bay on pil pakèt piyay M ap pote on chay lanmou sou kè m M ap pote chay mizè sou kè m Ou te ka sèl moun m anvi rele baby Sèl moun sou ki mwen vle konte Sèl moun m anvi reve Ou te ka sèl moun, ou te ka Ou te ka gen mwen, love mwen, afeksyon, atansyon mwen Plis tout sa ke mwen genyen Men si w ta vle'm sispann plenyen pa di'm ou renmen mwen Malgre malgre m konnen m pral soufri Malgre malgre tout jouman m ta di Malgre malgre si, malgre sa Mwen pa ka viv san ou Ou fè mwen twòp move bagay Ou ta di m high, nou kou de kòk ki tonbe batay M ap pote on chay lanmou sou kè m On chay mizè sou kè m Genlè mwen tolere twòp bagay Genlè mwen bay on pil pakèt piyay M ap pote on chay lanmou sou kè m M ap pote chay mizè sou kè m Mwen mwen mwen mwen fou M ape pote on chay chay pwoblèm sou kè m Mwen pa byen Yeah, hm hm Djaz ou, djaz ou Enposib Kòman fè mwen rayi l, e mwen renmen l an menm tan An menm tan An menm tan, an menm tan Kòman fè mwen rayi l, e mwen renmen l an menm tan An menm tan An menm tan, an menm tan Cheri ou pa sou sa (cheri w pa janm sou sa Ou pa sou sa (kite ti kè m sèch, li sèch, li sèch Epi w pa janm sou sa Ou pa sou sa (m ta mouye ak yon ti lanmou) Enposib An Kreyòl sa vle di ou son ka M pa ta renmen mache kote bagay sa M pa ka pèmèt mwen mennen l lakay la Di mwen kisa pou m ta fè la