Èzli Emett Till kite sèkèy mwen louvri Kon sa n ka wè ponya k nan do m tras san chemiz mwen kouvri Kòm Christopher Wallace m g on vi aprè lanmò Chak kou k shot mete m prè objektif la sa tris e l vrè Chak fwa m swaf pale m vale lang mwen Fè silans kòm prensip m esplike m sèlman lè m devan grann mwen Sou estrad pandezon m pran Listwa kòm temwen Prese pou sakrifye m san verifiye kòm se mwen Manti fè bri men silans fè plis Pri grandi sa chè pa suiv konkirans fokis M ap fè l pou Listwa lavi m jan m wè l m ap pousib Konstui piramid mwen nan kwen m pou ki n pran m pou sib Fondasyon m nan Ginen pase Ejip pa nan Maslow Dèyè kout ri n avè m te g on gwo pik nou pat ret tann mas yo Tout jan m vle viv pa yon mistè men l Majik Click ka redui menm ret solid tankou Nasir sou Magic Mawon this that m abitye m s on real Black k ap lite n Mèt lote m kou patat dinyite m ret entak M ekspoze m sou yon beat Dedy trase Kreye pou m reziste se yon vi k dedikase Mande jan m fè pou m pote kwa m Dezòm ILA m asime chwa m Devan ANKH la m bese vwa m dezòmè m la m blese kwak Ret chita m ap gade m ap grade y ap atake Koulèv k ap ranpe sèl fas tè pap ka mòde ata ke l Mc m fè pwezi ak doulè m kounya m ap antreprann An menm tan m pran mezi chak jou k fèt kounya m ap manche pwen m M pran tout blam vye blag sou mwen trete m aslè Bosal Hustler m te prepare m te konn gagè pa jwèt oslè Fikse syèl men sa pa limit mwen Twò gran pou nou m konsyan n ap doute vre n ka pitit mwen Hip-Hop shit still politik bout rap gimik Ret teyorik nan tout pratik miwa n kritik bosal etik Yon milyon 2 milyon 3 milyon 4 M ap deal rim rich delivre l dope tankou crack Fuck the police bras rap nan chak corner Nou di n Hip-Hop s on blast pou sak konnen Loray pa konn kale MC knowledge pa fèt san referans Prevwa remèt sa m resevwa anvan m tire lareverans Antere m anba Ab- salon m s on gwo Mapou N on gwo lakou mistik je w pap ka wè sa sou map ou Detui m si n kapab ebyen lanmè gen bout Te pran n pou yon bagay men kèk tan an vrè nan kè m gen dout Ranmase chyet nou n mèt byen manje mèsyezedam Kanpe m ap souri n k ap sa l kò n rele m mesye sanzetadam Konsyans se vre s on bèl tèm Biznis sa bay rapè li bay atis gwo gòj fè m Pran distans mwen koz mwen pap chèche atansyon Trè byen si n vle pi bon m ap fè sa m dwe ak mansyon trè byen Fè byen se frèt m bat fè m pandan l cho