M pap mande w kijan w ye, je m ban m pa gen anfòm ke ou Se byen domaj huh ankò se pa mwen ki pran fòm kè ou M eseye bouke chache mpa jwenn sa k ka ranplase ou Pou m nan fè nwa m pa ka wè sans te flater lanp la se ou Pou m kòmanse mwen konsyan de erè mwen te komèt yo Oui j’etais con, mpat respekte tout sa m te pwomèt yo Pou mwen ou te bon, se mwen ki te aji kou tèt cho M te pran w tankou pon m fè travèse tout ti bèt yo Depi lèw pa nan lavi m nan zanmi m yo pa banm baz Mwen pran lòt fi pou m ka bliye w se atò m santi m raz Solèy konn leve li kouche, de je m rete kale M reyalize se ou k souf mwen tout sa m te posede Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m Poum renmen w m kondane jiska prezan m ak dlo nan je M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m Poum renmen w m kondane jiska prezan m ak dlo nan je M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale Chalè kòw manke fèm konn nan ki tranp mwen pran Krache w m anvi bwè nan plas yon boutèy ven blan M renmenm mwen vle w di m, konsa m tap santi m vin gran Mwen konnen pou arguman m yo ou pap twouve m konvenkan Depi lè w pa la mwen pèdi yon pati nan mwen Cherie kwèm fwa sa lanmou w nan ou pap banm li an ven Mare m nan ke wòb ou paske m pa vle w pati san mwen Si gen on match lamou se ou m vle pou patizan mwen Lè map fè lanmou ak yon lòt se non ou map lonmen Mwen te gen on ex ki se ? se chak jou nou goumen M wè map viv m pa konn kijan, bondye sèl ki konnen Reprann nan vi w manman lavièj pou m pa pèdi nanm mwen Mwen jwenn ou ak Fania yon premye fwa mwen te padone w Stephania ak Deborah nan salon m pat abandone w Sak pi rèd la ak sèvant la nan chanm nan mwen bare w Se vre mwen anvi sa men mwen pap antre nan pitye ou Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m Poum renmen w m kondane jiska prezan m a dlo nan je M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m Poum renmen w m kondane jiska prezan m a dlo nan je M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale Ou gen rezon, si w vle ou mèt pran m pou esklav ou M pap rekomanse kwè m siw vle mare m nan pye tab ou M ba w pawòl mwen m garanti w kounya map pran lòd ou Aprè tou m grandi ase kounya map konprann ou Absans ou fèm konnen aransò nan sewòm E m prè tou pou mwen menm tatoure nonw sou kòm Mwen vle w tou fwa sa se tout bon se sou tout fòm Reprann chou kounya m pap koute pawòl lèzòm Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m Poum renmen w m kondane jiska prezan m a dlo nan je M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale Ou pat konprann mwen pandan m te ba w kè m an antye Depi lè w pa la m san strès malgre ou manke m Poum renmen w m kondane jiska prezan m a dlo nan je M konnen m renmenw tout bon men m oblije ale