Listen Han Dim konbyen moun kounya w konnen k ap bay vi l pou yon lòt E konbyen moun k ap aksepte soufri grangou pou yon lòt Konbyen ayisyen k pa vle pati k vle ret patriyòt E di m konbyen nèg ki gen madanm ki pa janm bali matlòt M vle ou di m di m si lèzòm pa fòkè Aprè 12 janvye si Ayisyen pat viv an frè Yon moman kè yo anfle yo vle touye pwòch la Si w konnen ou pa peche voye premye wòch la Si viv pou ou se manje diri ak pwa Dòmi vant plen leve demen san ou pa gen espwa Han Ou pa ka vle pou pwochen w lan viv konsa Pandye 2 men l bò lari a ap mande moun dola Ou bay moun responsab sò w pandan se ou k mèt desten w Repoze espwa w sou moun paske w pa kwè nan demen Dekouraje sou premye obstak ke ou kwaze sou chimen w Di pou w ka bliye pwoblèm solisyon an se fimen w Posede pa ouvè kò ankò Yo fè rezon pòv tounen tò Goumen pa alamòd se katouch ki fè wè koulè blood Jèn fanm pa bay tan pou koze ankò se spageti ak ji Paske mizè a ap ogmante lavi a vinn pi di Jèn gason k pa gen pasyans nan kidnapin genyen k fwonte Bòs la pou l ta ba w yon djòb swa l se moun pa w oubyen l fwonte w Kòlè Bondye pa fè n pè Eske n pa twouve n fòkè N atake menm lanati paske n panse n se mèt latè Eklatee! Kilè n ap sispan jwe ak defye pouvwa Bondye Nou bliye ke se li k 2 je n Nou bliye ke se li k jere n Pouki lòm ap fè lòm soufri paske yo se doktè Yo di yo se Bondye Gad jan lèzòm fòkè Lèzòm fòkè Gen peyi k la pou lagè gen peyi k la pou lapè Prezidan ki vle ede genyen tou ki eksplwatè Konba pou zam nikleyè petwòl pou kontwòl latè Toupizi sa k pi piti gad kijan lèzòm fòkè Tout kote k ka anrichi yo, yo met anpriz sou li Kreye twoub nan lòt peyi yo pou fè kwè yo se Jezi Menm konnen g on dènye jou lè sa yo tout ap sezi Kite lèzòm ouvè kò yo Bondye se dènye mezi Lèzòm fè sa l vle, jan l vle, lè l vle kote l vle Di sal vle, pran pòz sa l vle, pran pòz save, yo se sanzave Yo tèlman free yo fè lajan tounen Bondye Kite yo, Han M konnen gen yon jijman dènye Kou nan do yo toujou bay Nèg fè nèg tounen kobay Yo menm drible pwòp lonbray Yo met divizyon andan kay Vann nanm kay djab pou gen kòb Moun ki kalifye yo pa bay djòb Pou pitit papa pa gen love Rich pa pran pa avèk pòv Frè ap vyole sè, polis pou bandi jwe wòl toutè Kounya ti wouj se kidnapè, ti nèg nwè rejwen respè Legliz vin tounen biznis pastè ap travay pou l rich Ougan tounen gwo blofè frijidè vin pran plas tout krich Depi lontan n ap vyole lwa nou te touye Jezi Kris M konn n ap vle klouwe m sou kwa sa pap anpeche m di plis Di m kilè n ap konpran ke se nou ki lakoz tout kriz M konn pawò l mwen pwal fè tout sa k pa dwat yo friz Kilè n ap sispan jwe ak defye pouvwa Bondye Nou bliye ke se li k 2 je n Nou bliye ke se li k jere n Pouki lòm ap fè lòm soufri paske yo se doktè Yo di yo se Bondye Gad jan lèzòm fòkè Lèzòm fòkè Yeah oumenm k ap tande mizik sa m vle w poze tè kesyon Si w pa jan fè ankenn bagay fòkè nan vi w Mwen m f anpi l Nèg pa vle wè nèg, nèg pa vle wè byen pou nèg Nèg pa vle wè nèg avanse Li pap f on pa ou pa dwe f on pa tou ou dwe rete la menm jan avè l Ap rive on epòk pandan w ap fè manje lakay ou se an kachèt w ap oblije fè l Paske vwazinaj la ka vin pran l osinon l vinn pran w lap pouse grif Lèzòm fòkè Epi m ale wi Lèzòm fòkè