Alo! Mwen anvi pale avè w Piga w fèmen ni piga w di m bò w lapè w Mwen konnen byen se non m ki ekri nan kè w Vle fè w konnen pap janm ka gen lòt aprè w Depi w gade m ou eksite mwen konprann très bien M vle ou kalme w pou m eksplike w sa m te fè k pat byen Pandan ke ou te konsakre tout tan w avè mwen But mwen, mwen pat konprann mwen t ap mache chèche nan tout kwen Non non , tann piga w rakwoche Se kounya m wè se avè w mwen ta kwoche Wi mwen konprann ke ou ou pa vle m pwoche Non m pa vle w ale paske mwen pa vle kè mwen foche M te ba w vi m m te ba w nanm mwen M te ba w kè m ak tout lanmoun k andan l Pouki w pat konprann mwen? Non non non Ou te lavi m pi bè l pwezi Tout sa m ta vle genyen kò m richès mwen Pouki w pat konprann mwen Pouki w pat konprann mwen Mwen fè ou mal ase pou w ta deteste m Dlo nan je ou pap ase pou l ta lave peche m Avan mwen kite li twò ta se sa k fè m depeche m Paske m pa vle nan kè ou gen yon lòt nèg ki pou ranplase m Se lè w pa la mwen vin wè sa w ye pou mwen An verite bebe m pèdi on pati yon mwatye nan mwen Si g on koupab nan relasyon an l pa lòt ke mwen Mwen vle w men m ap konpran si w deside pa padone mwen Alo di yon mo pou soulaje m Pa kriye tanpri di m w ap vin chèche m Aprè pa gen lòt ki konn jan pou li gade m Pa ale paske ou gentan gate m Vi m san ou se kòmsi l pat gen nwit ni jou Wi san ou se tankou s on manje san gou Pèdi ou nan lanmè m s on bato k gen twou Lwen de ou mwen son kochon ki pè labou M espere ou tande m e ou konprann mwen Mwen vle pou ou chanje m pou w aprann mwen E kounya m vle bawou sa w t atann de mwen M garanti w si w kite m mwen ap pann tèt mwen [Verse by Rutshelle] Ou blese m Pase ak fi devan je m Maltrete m Fè moun pale nan koze m Ou imilye m Tiye tout jè m lanmou k andan kè m K andan ke m M pap kache w tande vwa ou toumante m Boulvèse m fè m pa gen dòmi nan je m Pou m padone w ouu g anpil rezon k anpeche m