Nwèl pa m se lè m kontan lè n ap viv ansanm Se nwèl lontan m pa bezwen gwo lajan Konsa mwen fete nwèl, konsa mwen fete nwèl Nwèl pa m se lè m kontan lè n ap viv ansanm Se nwèl lontan m pa bezwen gwo lajan Konsa mwen fete nwèl, konsa mwen fete nwèl Aprè onz mwa kalamite touman m pase Dènye mwa sa se mwa pa m pou mwen banbonche Avek fanmi, avèk tout zanmi mwen Menm si mwen pa ta gen on goud sa pap anpeche m fete non Manmi Papi tanpri pa di m a ki lè pou m antre Lajounen se pou nou, nan nwit se pou zanmi m li ye Pete peta limen fanal al nan pwogram manje fritay Se konsa m pral fete na nan na Nwèl pa m se lè m kontan lè n ap viv ansanm Se nwèl lontan m pa bezwen gwo lajan Konsa mwen fete nwèl, konsa mwen fete nwèl Nwèl pa m se lè m kontan lè n ap viv ansanm Se nwèl lontan m pa bezwen gwo lajan Konsa mwen fete nwèl, konsa mwen fete nwèl Nwèl pa m se lè m an pè peyi ap byen mache Ak tout zanmi m mwen ka soti antre san m pa strese Ale nan reveyon pou m al priye Bondye Pase lakay fanmi anm yo pou mwen ka al manje Nwèl pa m se nwèl kontan, nwèl pa m se nwèl lajwa Menm si m pa gen milyon depi nou gen linyon Nwèl pa m se nwèl lanmou, nwèl pa m se nwèl gete Konsa m a di map fete nwèl Monte nan mòn yo, gate syèl la w a wè jan l bèl Timoun lari yo, tout sentaniz yo dwe fete nwèl Move lawon yo, lage peyi a pou l fete nwèl Tout moun ki dwe m yo, pote ti kòb pou m fete nwèl Nwèl pa m se lè m kontan lè n ap viv ansanm Se nwèl lontan m pa bezwen gwo lajan Konsa mwen fete nwèl, konsa mwen fete nwèl Nwèl pa m se lè m kontan lè n ap viv ansanm Se nwèl lontan m pa bezwen gwo lajan Konsa mwen fete nwèl, konsa mwen fete nwèl