Tou pare, tou pare Mwen vini tou pare, tou pare Je nou kwaze mwen santi m konnen w Nan yon lòt dimansyon ou se moun mwen Pa telepati ou touche nanm mwen m anvi kouri De pye m mare mwen pa ka mache mwen pa ka kouri Pwoche pi pre pou w wè si wap ka tande Tanbou nan kè m kap bat Pati k ap jwe a m gentan konnen m kale Paske w son bon zèl kat Tou pare, tou pare Mwen vini tou pare, tou pare M pa bezwen konnen non w pou m gentan wè w vanyan vanyan vanyan Mwen t ap chèche w lontan kounya m pral ba w ochan ochan Antre nan legliz mwen an pou vin priye Demen lè m leve m oblije konfese Pwoche pi pre pou w wè si wap ka tande Tanbou nan kè m kap bat Pati k ap jwe a m gentan konnen m kale Paske w son bon zèl kat Tou pare, tou pare Mwen vini tou pare, tou pare Tankou yon eponj Mwen vle w prije m Prije m cheri prije m Fouye tou anndan krann mwen Vide tout sa k andan mwen Prije m cheri prije m Fouye tou anndan krann mwen Vide tout sa k andan mwen Fatima Cheri prije m Ou mèt peze m – peze m Ou mèt prije m – prije m Ou mèt peze m – ou mèt peze m, baby Se tankou bannann pou w peze m Prije m cheri prije m Fouye tou anndan krann mwen Vide tout sa k andan mwen Prije m cheri prije m Fouye tou anndan krann mwen Vide tout sa k andan mwen Mete m chita sou ou Poze m ti kesyon dou Fè lòlòj mwen vire vire Jiskaske lespri m tonbe bay dlo Fè kò m tranble ak bo Tout plim kanpe sou do m Pou m ap plede ponpe ponpe Jiskaske nou tou de rive Prije m cheri prije m Fouye tou anndan krann mwen Vide tout sa k andan mwen Prije m cheri prije m Fouye tou anndan krann mwen Vide tout sa k andan mwen