Amwalaye Ou te mete m nan on kalòj Sa pat ase Ou te kase zèl mwen Men l repouse Ou te mare mwen Kòd la kase Kòd la kase! Zwazo pa kriye Chante l chante Mwen diw pwason pa nwaye Naje l naje Men m si w posede latè Yon jou ladann wap rantre Van w pap ka kanpe Sou ou la p soufle Bondye pwoteje pwoteje pwoteje mwen Men moun yo fache yo sòti pou touye mwen Ginen yo kanpe yo di sa pap pase Men m ap pase Men m ap pase Bondye pwoteje pwoteje pwoteje mwen Men moun yo fache yo sòti pou touye mwen Ginen yo kanpe yo di sa pap pase Men m ap pase Men m ap pase Pwoteje mwen Pwoteje mwen Depi gen van tè dife dlo m ap chape Depi gen fèy gen kafe m ap chape Depi gen van tè dife dlo m ap chape Depi gen fèy gen kafe m ap chape Oh oh oh oh Zwazo pa kriye Chante l chante Mwen diw pwason pa nwaye Naje l naje Men m si w posede latè Yon jou ladann wap rantre Van w pap ka kanpe Sou ou la p soufle Bondye pwoteje pwoteje pwoteje mwen Men moun yo fache yo sòti pou touye mwen Ginen yo kanpe yo di sa pap pase Men m ap pase Men m ap pase Bondye pwoteje pwoteje pwoteje mwen Men moun yo fache yo sòti pou touye mwen Ginen yo kanpe yo di sa pap pase Men m ap pase Men m ap pase Depi gen van tè dife dlo m ap chape Depi gen fèy gen kafe m ap chape Depi gen van tè dife dlo m ap chape Depi gen fèy gen kafe m ap chape