Tankou yon priyè W anvayi ti kè mwen Ou pot lanmou nan vi m Ou reban m souri m M pa konn si wap pase ou si w la pou bon tan M pa konn si w vin blofe men prezans ou fè m kontan Ou fè m renmen lavi mwen M santi m safe, nan bra w lè w vlope m Wi m renmen la vi mwen Ak tout jan ou fè m santi m lè m bò Kote w Tout sa m vle - Pou sa pa janmè fini Mwen vle n - Renmen a l infini Si w vle - Nap viv pi bèl emosyon Tout sa m vle - Pou sa pa janmè fini Mwen vle n - Renmen a linfini Si w vle m - Ak kè m fò w pran prekosyon Ayayay a ya a ya a ya a ya a ya a a Ayayay a ya a ya a ya a ya a ya a a Tankou yon rivyè Kap koule san rete Map benyen nan lanmou Tout sa m te swete Chak w apwoche m, ou eksite m Kisa map fè si yon jou w meprize m M prè pou m viv lavi m ak ou Ou fè m renmen lavi mwen M santi m safe, nan bwa w lè w vlope m Wi m renmen la vi mwen Ak tout jan ou fè m santi m lè m bò Kote w Tout sa m vle - Pou sa pa janmè fini Mwen vle n - Renmen a l infini Si w vle - Nap viv pi bèl emosyon Tout sa m vle - Pou sa pa janmè fini Mwen vle n - Renmen a linfini Si w vle m - Ak kè m fò w pran prekosyon Non m pa vle sa chanje Se vre nou fenk rankontre M gentan twò atache E m paka fòse w rete Non m pa vle sa chanje Se vre nou fenk rankontre M gentan twò atache Sa m pwal fè si w ale Ayayay a ya a ya a ya a ya a ya a a Ayayay a ya a ya a ya a ya a ya a a