Anlèm ye, mete lavi pa ou sou poz pou pèdi tanw nan gad alem Anlèm ye Pandan mwen menm map viv lavim sa kap pasew yo pa gadem Anlèm ye Fristrasyon fè kèw anfle se rezonk fè wap atakem Anlèm ye Komtinye chache toujou nenpot saw fè pap agasem Map panse biznis, pou lajan vin pi plis, se sak dwe fèw tris, fè wap jwe tout ti vis Kotew ye a m te la tou, m pat kite kèm anfle M konn maladiw soufri a se sak fèm pa panike Anlè a m ye kotem gen tan poum gade Moun ki anba pandan devan map gade M gonw objektif em konn kotem prale ee ee M pa gen tan pou yo Oooo M pap janm tankou yo Oooo Lanmoum pa pou yo Oooo Menm padone yo o Ooooo M fondonw bilding 10 etaj pandanw poko soudonw pòt Kreye nonm etap pa etap, malgrem sibi de bòykòt, em fyè poum dim sonw ero, nèg pat pezem 2 bò kòt Sot nan 0 al nan 10 from the badenm to de tòp M vole tout vye tak poum ret kanpe M te konn asiste vye zak menm pat tranpe Kounya nou bezwenm fè back poum ka ranse Oooo Ooooo M bat men pou tèt mwen chak jou plap plap Fèm kwaze le 8 tankou zatrap m met respè sou nonm sanm pa ranpe M te konn jwe Koridò tankou zapzap Anvayim ak foto m paret klap klap Sou bout machin prive e pa tap tap Map akselere sanm pa kanpe M pa konn kotem tap ye, si se pat rap