Yon talan k kòmanse depi nan lakou benè, Yon ti nèg tèt grenn gwo vant, yo te bay ti non sak pay Men dwat anba zèsèl goch chante kay madan masèl, moun kap pase ap bay A laj de 10 ans mennenl pòtoprens, nan kamyon madan sara tankoul tonw komès, lagel nan òfelina kay Pastè Lisyen M pat espere anyen de lavi koz li pat fèm promès Mannik leve nan premye jou Mizik levanjil dim bonjou Se depi la m fè konesans ak bon mizik Ak òfelen parèy mwen map fè konkou bon lirik Map dim se haitian buju, Lòt la dil se Black alex Si pa gonw vwa Samy b konn Djazz la paka alèz Pasons! 15 zan aprè lari pranm De mwen lavim pral depann M pa gen Fanmi djòl mwen fann E nèg jèn gen foli fanm Anpil tan pase, nou te pasyante ap tann mwen lage ooooo Se premye e dènye, apresye ooo Sa sonw Lòt chapit nan istwa m pral pale de HMI Sak di k tap kanpe avew, pi devanw wè e te may Kou karang yo pran fil yo lagew poukòw Pou ka ret chè pou yo, fòw pa jwe pou kòb M wè desten pat fè wout pou mwen m t'oblije trasel Poum pat bay mizèm nan près m toblije pasel Imilyasyon yo du pou mwen m toblije bat avèl Sak fin itilizem pi devan k deklare k pat avèm Wap fè tout djòb sal nan kizin, sou tab ou paka prezante Fèw kwè tout bagay sonw mistè, menm Yon sponsor yo pap prezantew Sou tout pakou a m jwenn traka ou pata di se mwenk wenndy a Gen ti istwa m ta rakonte hmm pitom kite sam tap di a Se gras a Bondye m konn ekri, e plim mwenk banm zèl Kifè defwa lavi cashap mwen e menm banm zelle Mantre nan gran lakou san di respè ni lonè, malerek pa gonw gd ak karaktè milyonè