Nan lanmou fò'w toujou bliye tèt ou Fè'l kontan chak jou, kwè mwen l'ap toujou la pou ou Kèlkeswa sitiyasyon ki ta va rive Toujou men nan men pou'n mache Se bèl bagay lè youn ap viv pou lòt Nou toujou rete kòt a kòt Youn pou lòt n'ap ouvri pòt Se bèl bagay lè nou mete men nan men Je nan je pou'n di'n renmen Mwen ak ou s'on fòs lanmou k'pa gen bout Lè'w avè'm m'santi kè mwen pap janm nan blakawout Kèlkeswa eprèv lavi ki ta kanpe an kwa Men nan men n'ap pot laviktwa Se bèl bagay lè youn ap viv pou lòt Nou toujou rete kòt a kòt Youn pou lòt nap ouvri pòt Se bèl bagay lè nou mete men nan men Je nan je poun di'n renmen Pa gen pi bèl bagay, se lè w'ap fè bagay K'ap fè li souri, tout sa'k fè'l plezi Ala yon bèl bagay se lè w'ap fè bagay K'ap fè li rejwi, fè san'l tresayi Mwen vle viv pou li, pou mwen li se lavi Pa gen anyen m'pral fè ki pou pa ta fè'l plezi Li fè kè'm kontan Pou mwen'l toujou gen tan, li toujou prezan Nan bon tankou move tan'l pap chanje kan Pa gen pi bèl bagay, se lè w'ap fè bagay K'ap fè li souri, tout sa'k fè'l plezi Ala yon bèl bagay se lè w'ap fè bagay K'ap fè li rejwi, fè san'l tresayi Epi Bobdole Oh oh Se bèl Bagay Oh oh Se bèl Bagay Mwen vle viv pou li, pou mwen li se lavi Pa gen anyen m'pral fè ki pou pa ta fè'l plezi Li fè kè'm kontan Pou mwen'l toujou gen tan, li toujou prezan Nan bon tankou move tan'l pap chanje kan Oh oh Se bèl Bagay Oh oh Se bèl Bagay Pa gen pi bèl bagay, se lè w'ap fè bagay K'ap fè li souri, tout sa'k fè'l plezi Ala yon bèl bagay se lè w'ap fè bagay K'ap fè li rejwi, fè san'l tresayi