Se chak jou m ap selebre w Kounya m pa tann fèt mwen rive depi m leve bò kote w M ap koute jou pou nou marye aprè pou n al fè bebe M konn tande moun ap di yo pa chanse tout tan yo pa rekòmanse Mwen sèmante depi lè m fin kwaze w lòt moun pa enterese m Gen yon moun ki antre nan vi w S on kado, s on benediksyon mwen beni Gen yon fanm ou genyen nan lavi w S on kado, s on benediksyon mwen beni Mwen santi m beni paske m gen chans ou nan vi m M di Bondye mèsi li ban m moso lanati M konn tande moun ap di yo pa chanse tout tan yo pa rekòmanse Mwen sèmante depi lè m fin kwaze w lòt moun pa enterese m Oukwè se mwen wi se mwen Jezu mari Joseph Mezanmi men moun yo Gad jan bondye beni m Li mete w nan lavi m Mwen pa gen mo, ni lajan oh Franchman m santi m beni baby Mwen pa gen mo, ni lajan oh An verite se mwen k gen plis chans sou latè Mwen pa pi bèl pase pèson ni se pa mwen k pi bon flannè Men se mwen k ap pi byen pase oukwè se mwen oh M ap travay men pòch mwen koule se efò m ap fè pou m kenbe Men pou ou m toujou byen kanpe oukwè se mwen wi se mwen Oukwè se mwen wi se mwen Jezu mari Joseph Mezanmi men moun yo Mr Douby cheri apa nou Gad jan bondye beni m Li mete w nan lavi m Mwen pa gen mo, ni lajan oh Franchman m santi m beni baby Mwen pa gen mo, ni lajan oh An verite se mwen k gen plis chans sou latè