Lanmou modènize san enterè pa egziste Se tout moun k'ap cheche kote dlo a koule pi fre Ti blòdè ap bay lanmou, men diaspora ap depanse Depi neg yo rantre, nan vil la se gwo tèt chaje Diaspolove se sa'k alamòd Nan chapit lanmou vèsè kòb ti blòdè k'ap chòv Diaspolove se sa'k alamòd Si w'ap bay lanmou, l'ap bay kòb se ou menm k'ap chòv Neg la gen mennaj li lekòl ansanm depi'l piti Men fanm lan ba'l dan di depi misye vinn Ayiti Chak jou l'ap bay manti, li wè nonm nan li fè foli E poutan diaspora pa bezwen plis ke on ti plezi Diaspolove se sa'k alamòd Nan chapit lanmou vèsè kòb ti blòdè k'ap chòv Diaspolove se sa'k alamòd Si w'ap bay lanmou, l'ap bay kòb se ou menm k'ap chòv Micci Sajous Diaspora a papye Ebyen Pachou se ekspre'w fè Wo oh oh oh Fat junior Blòdè pa tcheke (kisa) Avèk diaspopo (Joetime, Master Ray) Blòdè pa tcheke (ou ladan, w'ap di'm se sa net) Je t'aime, tu m'aimes aussi cherie Men fòk bill yo peye, m'gen bouch pou'm bay manje I love you, you love me too baby Lè'w gen nesesite, trou vid ou pa konble, I'm sorry baby Depi'w tande Desanm rive Depi'w wè kanaval rive M'di'w (blòdè) veye (kenbe fanm ou) kenbe'l tight Depi'w tande vakans rive Diaspora blayi tout kote M'di'w (sister) veye zo'w (kenbe neg ou) Je t'aime, tu m'aimes aussi cherie Men fòk bill yo peye, m'gen bouch pou'm bay manje I love you, you love me too baby Lè'w gen nesesite, trou vid ou pa konble, I'm sorry baby Dias po ra se wa pa pitit (e li pa care) Fresh tout sak alamòd pase mòd Blòdè pa tcheke (sou diaspora) Avèk diaspopo Blòdè pa tcheke Depi'w tande Desanm rive Depi'w wè kanaval rive M'di'w (blòdè) veye (kenbe fanm ou) kenbe'l tight Depi'w tande vakans rive Diaspora blayi tout kote M'di'w (sister) veye zo'w (kenbe neg ou) Kote dola koule pi fre, adoken pa met pye Wepa, wepa ti jennjan Bobdole pale yo Medam pran tèt nou (wi) Fò'n kenbe yes nou Ret ak mennaj nou (Patrick Fabre) Kwè nan lanmou Mesye pran tèt nou Fò'n kenbe yes nou Ret ak mennaj nou Kwè nan lanmou Kote dola koule pi fre, adoken pa met pye Wepa, wepa ti jennjan