Ane sa nou refè l Gabel Ane sa nou refè l ankò 2019 Ane sa nou pi bèl Ane sa nou pral fè rekò sou yo Nou pat ka ret tann, nou pat ka ret tann - jou a rive Nou pat ka ret tann, nou pat ka ret tann - kanaval la rive Nou pat ka ret tann, nou pat ka ret tann - Gabel kap pase Nou pat ka ret tann Aprè Noel se kanaval Ann chita pale pou ayiti Nou pat ka ret tann, nou pat ka ret tann - jou a rive Nou pat ka ret tann, nou pat ka ret tann - kanaval la rive Nou pat ka ret tann, nou pat ka ret tann - Gabel kap pase Nou pat ka ret tann Pou n al danse Men chaloska ti mounyo an ale Yo di m Kanaval la rive, an ale Yo di Gabel la pral pase - ann ale wo Ane pase nou te fè gwo van vante Ane sa Gonayiv nou pral file kap monte Timoun granmoun yo mobilize Yo di se Gonayiv yo pral fofile monte Wa a he (3x) Ayayayay Mwen sonje peyi m oh Gen bagay nou pa wè lontan wo Nou pa monte drapo Timoun pa fè lago Nou pa fè serenad Nou pa pete klorat Nou pèdi teleco Nou pèdi atlesko Nou pèdi chaloska Nou pa wè madigra Nou pèdi tout Nou pèdi tout sa k te bon yo Mwen sonje peyi m oh Gen bagay nou pa wè lontan wo Nou pa plante kafe N pa plante kakawo N ap enpòte diri Nou pa plante mayi Pa gen lanp tèt gridap Timoun pa monte kap Nou pa met wayabèl Nou pa al sitadèl Nou pèdi tout Nou pèdi tout sa k te bon yo Rele anmwey Fat Junior - anmwey Mesaj a la nation - anmwey Drapo n prèske rive atè - anmwey Nou santi n bouke Desalin te mete l anlè - poukisa n pa kite l anlè Henri Christophe te mete l anlè - poukisa n pa kite l anlè Toussaint Louverture te mete l anlè - poukisa n pa kite l anlè Kite l anlè Edikasyon - tap anlè Si n konstwi lekòl pou timoun yo se nou - tap anlè Ayayay sekirite - tap anlè Peye lapolis ba yo mwayen se nou - tap anlè Tabou Combo mete l anlè - poukisa n pa kite l anlè Peri a mete l anlè - poukisa n pa kite l anlè Donald Guerier mete l anlè - poukisa n pa kite l anlè Kite l anlè Pwodiksyon nasyonal - tap anlè Konbat kontreband travay latè se nou - tap anlè Ayayay la kilti - tap anlè Si n ankadre jenès la se tout peyi a - tap anlè M ap chache palè nasyonal m pa wè l - atè plat La jistis nan peyi a m pa wè l - atè plat M ap chache yon bon konpatriyòt m pa wè l - atè plat M desann anba lavil m pa wè katedral - atè plat Se jan w wè l la - layite w la la layite w Ane sa n jwenn plis van pou n vole - vole pi wo Yo di Gabel s on kap lè l jwenn van - l vole pi wo Wo nou vole pi wo Wo wo wo n vole pi wo Rele anmwey Rele anmwey - pèp Ayisyen lè n santi n bouke Rele anmwey - leve drapo n pa kite l atè Rele anmwey Nan tan lontan peyi a te konn cho Li te konn cho paske s on peyi twopikal Nan ton lontan peyi a te konn cho cho cho Li te konn cho paske s on peyi a kanaval Kounya lè peyi cho se manifestasyon Kounya lè peyi m cho se katouch kap tire Avan anyen w tande peyi a cho Leta pran responsabilite w - pou n sispann tande pow Lajistis pran responsabilite w - pou n sispann tande pow Opozisyon pran responsabilite w - pou n sispann tande pow M di Ayisyen pran responsabilite w - pou n sispann tande pow Jezi wa dezame - dezame dezame moun yo Wa dezame - dezame dezame moun yo Gonayiv dezame - dezame dezame moun yo Wa dezame - dezame dezame moun yo Freeze mete men n anlè Rele anmwey Rele anmwey - pèp Ayisyen lè n santi n bouke Rele anmwey - leve drapo n pa kite l atè Rele anmwey Desalin te mete l anlè - poukisa n pa kite l anlè Henri Christophe te mete l anlè - poukisa n pa kite l anlè Toussaint Louverture te mete l anlè - poukisa n pa kite l anlè Kite l anlè Tap anlè Chache klas mwayèn peyi a m pa wè l - atè plat M chache lekòl pwofesyonèl m pa wè l - atè plat Chache on kote k pa gen fatra m pa wè l - atè plat Depi se moun ki pa renmen Gabel la - li atè plat Se jan w wè l la Jan w wè l la