Depi'l tou piti tout sa'l aprann lekòl la Se anglè, franse, men'l plis konprann kreyòl la Se chak jou l'ap grandi, rèv li se pou'l pati Lè n'ap byen reflechi, ti moun sa pat enstwi pou'l itil ayiti Sèl fim li gade se papa'l ak manman li nan kay la Se chak jou'l leve, li wè kijan y'ap batay Tout grandi l'ap grandi, rèv li se pou'l bandi Li pa respekte fi, se pa fòt li, se sa'l wè ak je li Ti moun yo se peyi a Se nou'k modèl ti moun yo Sa nou fè se li y'ap fè Fè byen nan je yo Ti moun yo se peyi a Se nou'k modèl ti moun yo Sa nou di se li y'ap di Pale byen nan zorèy yo Si manman'l te fè'l a sèzan Sè'l la ansent a kenzan Lè ti moun sa gen katòzan (l'ap fè menm jan tou) Si papa'l se yon dirijan Ki pat fè plus ke vòlè lajan Lè ti moun sa vinn chèf peyi a (l'ap fè menm jan tou) Ti moun yo se peyi a Se nou'k modèl ti moun yo Sa nou fè se li y'ap fè Fè byen nan je yo Ti moun yo se peyi a Se nou'k modèl ti moun yo Sa nou di se li y'ap di Pale byen nan zorèy yo Lè'w aprann yo istwa Duvalier nan lang Bill Clinton Lè'w aprann yo istwa Dessalines, Toussaint nan lang Christophe Colomb Lè'w aprann yo istwa Aristide nan lang Jacques Chirac Lè'w aprann yo istwa Michel Martelly nan lang Obama Li pa bon (li pa bon) Sistèm peyi a dwe chanje Li pa bon (non, non, non li pa bon) Edikasyon an dwe chanje Li pa bon (oh li pa bon) Sistèm peyi a dwe chanje Li pa bon (ay li pa bon) Edikasyon an dwe chanje Lè'w aprann yo istwa Duvalier nan lang Bill Clinton Lè'w aprann yo istwa Dessalines, Toussaint nan lang Christophe Colomb Lè'w aprann yo istwa Aristide nan lang Jacques Chirac Lè'w aprann yo istwa Michel Martelly nan lang Obama Li pa bon (li pa bon) Sistèm peyi a dwe chanje Li pa bon (non, non, non li pa bon) Edikasyon an dwe chanje Li pa bon (oh li pa bon) Sistèm peyi a dwe chanje Li pa bon (non, non, non, li pa bon) Edikasyon an dwe chanje Gabel chante'l Tande'l Aplike'l Ti moun yo se peyi a Se nou'k modèl ti moun yo Sa nou fè se li y'ap fè Fè byen nan je yo Ti moun yo se peyi a Se nou'k modèl ti moun yo Sa nou di se li y'ap di Pale byen nan zorèy yo