Èske w pa konnen sa ki rele renmen? Pou jan ou toujou sou goumen Èske, lè m plenyen, ou santi w pi byen? Gad jan ou mache sou fyèl mwen Pale avè w, sa tounen on pwoblèm Gen lè w vle tou fini avè m nan, nan, oh, ouh, oh Se tankou yon vye fantom mwen ye Ou fè kòmsi mwen pa t egziste Olye ou aksepte m Ou pito refize m Olye ou apresye m Ou pito maltrete m Di mwen non, oh, di mwen non Kisa pou m fè? Oh, oh-oh-oh Paske w pa konnen doulè kout kouto W ap rache kè m an ti mòso Paske tout pase w se vye eksperyans Se mwen k ap peye konsekans Jan ou chanje tounen yon mistè Malgre m kriye, ou pa 'care', non, oh, ouh, oh Se tankou yon andikap mwen ye Akòz de ou, mwen p ap fonksyone Olye ou aksepte m Ou pito refize m Olye ou apresye m Ou pito maltrete m Di mwen non, oh, di mwen non Kisa pou m fè? Oh, ouh, oh (Houw!) Oh, oh Sa k pase w la? Oh, oh Oh, oh Sa k pase w la? Oh, oh Sanble ou panse lanmou se ou k envate l Ou fè tout sa ou vle San yon ti resistans (mmmh, san yon ti resistans) Yon jou ou gen pou chèche l, ou p ap jwenn li Pito w repanse Avan w replike Wo-oh-oh, ou pa konn bonè m Ou pa konn malè m Chak jou ou antre, min ou mare Ou tank on moun ki kontrarye, ouh-wo! Mwen pa konn antre w Mwen pa konn soti w Se pa konsa n te kòmanse Di m ki kote sa mal pase? Ouh-wo Sanble ou panse lanmou se ou ki envate l Ou fè tout sa ou vle San yon ti resistans (san yon ti resistans) Yon jou ou gen pou chèche l, ou p ap jwenn li Pito w repanse Avan ou replike Oh-oh-oh, ou pa konn bonè m Ou pa konn malè m Chak jou ou antre, min ou mare Ou tank on moun ki kontrarye, ouh-wo Mwen pa konn antre w Mwen pa konn soti w Se pa konsa n te kòmanse Di m ki kote sa mal pase? Ouh-wo Oh, oh Sa k pase w la? Oh, oh Oh, oh Sa k pase w la? Oh, oh Lage djaz la! (M pa santi fanatik yo) (Men yayad, men yayad) Lanmou se pou ou (cheri, ou ban m agranman wi) Lanmou pou mwen tou (m pa t konn koulè sa non) Lanmou pou nou tout (adje!) Lage djaz la! (M pa santi fanatik yo) (Men yayad, men yayad) Otan, otan Mwen pa vle lanmou alanvè Mwen p ap fè tout vi m nan lanfè Otan, otan Mwen pa vle lanmou alanvè Mwen p ap fè tout vi m nan lanfè Otan, otan Mwen pa vle lanmou alanvè Mwen p ap fè tout vi m nan lanfè Otan, otan Mwen pa vle lanmou alanvè Mwen p ap fè tout vi m nan lanfè