M konnen ke nou renmen Mwen konnen ke tout bagay ap pase byen E m espere ke li ka kontinye konsa Pou mwen avè w ka gen on chans pou kenbe la So far so good bagay yo bèl Mwen avè w konnen ke nou ta ka rive lwen Nan lavi sa baby Avèk lanmou sa oh oh Mwen pa bezwen konn anyen nan moman an Se ou ke mwen renmen vre Se ou mwen renmen bò kote m tout tan Anyen pa enterese m nan moman Se ou ke mwen renmen vre Se ou mwen renmen Mwen pa konn sa lavi a pote pou nou Cheri ou konnen mwen panse ou malad a mò Se pa malad nan lopital men nan katalòg amour Matin midi swa ou toujou down pou nou love Cheri gen chaje lòt rezon avè w mwen anvi ye Pa inyore m non, pa kontwole m Kite m bò w lanmou Ou mèt believe mwen pap janm lage w Non se pa m ou ye oh mwen fin pale Mwen menm avè w se devan devan nèt pou nou gade Mwen pa bezwen konn anyen nan moman an Se ou ke mwen renmen vre Se ou mwen renmen bò kote m tout tan Anyen pa enterese m nan moman Se ou ke mwen renmen vre Se ou mwen renmen Mwen pa konn sa lavi a pote pou nou E si bagay yo pa nòlmal Si bagay yo vire anòmal Si bagay yo vire bosal Si w ta deside cheri pou w pa ban m lanmou Si w pa louvre kè w m ap di ou doudou Mwen pral chèche yon lòt Wi mwen pral chèche yon lòt Si w ta fè enteresant ou pa ban m bò Cheri m ap vire do m m ale menm si w pa dakò Mwen pral chèche yon lòt Wi mwen pral chèche yon lòt Si m ape rele w nan telefòn baby W ap fè stil ou pa reponn pran pòz ou move Mwen pral rele yon lòt Wi mwen pral rele yon lòt E si n ape soti nan yon sware m panse on mal abiye Mwen di ou al chanje ou pa vle Mwen pral chèche yon lòt Wi mwen pral chèche yon lòt Men si cheri bagay yo pa gate Mwen pa bezwen konn anyen nan moman an Se ou ke mwen renmen vre Se ou mwen renmen bò kote m tout tan Anyen pa enterese m nan moman Se ou ke mwen renmen vre Se ou mwen renmen Mwen pa konn sa lavi a pote pou nou