Kiyès ou ye Ki moun ou ye Kote w soti Haitiano, haitian Ayisyen natif natal pou pi byen konprann Ki mele m ak tout sa ki pa vle kwè m yo Sa pa gade m, m konn kiyès ki frè ak sè m yo Se mwen ki j perry a, sa k pa vle ayiti peri a Tout kote m pase, yo wè m, yo ban m respè nan tout lari a M fèt pòtoprens l'hopital canapé vert Nan mizik sa a m ap konfime l pou tout sa k pa t vle kwè Mezanmi wo wo wo wo An n voye peyi a pi wo wo wo Fòk li dekole pou nou tout ka enjoy Ayiti se ti pa m nan Leve men n anlè lè yo mande (Kiyès ou ye) ayisyen mwen ye manman (Ki moun ou ye) ayisyen mwen ye papa (Kote w soti) ayiti m sòti, pou li m ape mouri Palmis pou lavi yeah (Kiyès ou ye) ayisyen mwen ye manman (Ki moun ou ye) ayisyen mwen ye papa (Kote w soti) ayiti m sòti, pou li m ape mouri Palmis pou lavi yeah Mwen danse twoubadou, mwen danse rara Mwen danse rabòday, konn danse konpa Epi kanaval la bèl li bèl li bèl, mwen sonje black la Eric charles mizik mizik ki te ban nou lòv la Kè m pa sote lè m tande moun k ap pale pale De po nwa, de po wouj, de po vèt, de po ble De po this, de po that Depi w gen ayiti sou kè w, ou se ayisyen Mezanmi wo wo wo wo An n voye peyi a pi wo wo wo Fòk li dekole pou nou tout ka enjoy Ayiti se ti pa m nan Leve men n anlè lè yo mande (Kiyès ou ye) ayisyen mwen ye manman (Ki moun ou ye) ayisyen mwen ye papa (Kote w soti) ayiti m sòti, pou li m ape mouri Palmis pou lavi yeah (Kiyès ou ye) ayisyen mwen ye manman (Ki moun ou ye) ayisyen mwen ye papa (Kote w soti) ayiti m sòti, pou li m ape mouri Palmis pou lavi yeah (Yo pinga w bliye m non) Moun pòtoprens, kap ayisyen mwen ye Moun sen mak, moun jeremi mwen ye Moun jakmèl, moun gonayiv mwen ye Benè, aken, koto, ench, mòl sen nikola, lenbe Moun leyogan, kwadèboukè mwen ye (e ou menm?) Moun pò sali, moun miragwan mwen ye Moun akayè, moun lagonav mwen ye Mibalè, wanament, kay, bèlans, bòyn, fò libète Moun podepè, laskawobas mwen ye Moun gwo mòn, moun koray mwen ye Moun valyè, sèka lasous mwen ye Grann rivyè dinò, akil dinò, ansavo Moun desalin, sen rafayèl mwen ye Moun plezans, mamelad mwen ye Moun chadonyè, moun baradè mwen ye Sen lwi dinò, twou dinò, ansdeno (Kiyès ou ye) ayisyen mwen ye manman (Ki moun ou ye) ayisyen mwen ye papa (Kote w soti) ayiti m sòti, pou li m ape mouri Palmis pou lavi yeah (Kiyès ou ye) ayisyen mwen ye manman (Ki moun ou ye) ayisyen mwen ye papa (Kote w soti) ayiti m sòti, pou li m ape mouri Palmis pou lavi yeah Se mwen ki j perry a, sa k pa vle ayiti peri a