Djòl Papa Loko soufle van enspirasyon nan Brain mwen Li koule nan san m' kou sa sereng lage nan venn mwen Kò selès sa m' spit banm Dogon rhymes Coz Mw se supò chak fil nan ploton Rap Mw s'on Powèt ki pran nesans jou lalin Andanm se lonbray li Map pratike kilti k' pran nesans Nan lari Revòlte Ak Pawòl s'on Pwen gèrye K'sot sou Mars Ke Black met an pratik pou ka rive Kot tout Ras Christ te di nou tout sèl nan tè Paske nou tout gen souf Se sak fè jou Mèkredi m'toujou Fè Alchimie nan Booth Rap kouvri m' a 13zyèm arcane rele m' Innommable Mw s'on Respè ladan l' ou met mande Inovam Mete son,leve non Se rymes kap Pete Plon Pwezi mak bèt bouch tranble pou di se démon Dieu k' Enspire m' voye lespri m' sou jipitè Poum' vin pi fyè Fè tout sak gen atansyon sou pwezi m' yo Fout pi tizè A L'infini anregistre vwa Vénus sou beat la Lank map ekri fèm vin zetwal ki sou tèt public la Malgré sistèm nan dèyè bwè m' jou saba Kou Bèl dam Solèy lespwa ret nan kèm Kale nawè l' kou Oeil Ra Zanj fonde rim Mw lè lalin Lan kwasan Pas tan m' Se fuckin travay rymes dan al tann pasyan Map kontinye batay a menm fòs mas la Kanpe ak vijilans menm chan kòk Ras la Glwa fan fè m santi akanj tankou m'te Mercurien Lè kreyasyon anpare m' bliye si m être Humain Planèt jedi domine pwezi tout sak gen mizèrikòd Boujwa,Blan,lidè k' maestro nan studio vwa mizè record Viktwa hip-hop va triyonfe toutbon yon vendredi 13 Lè sa nap rete kou tras kalmason fè nan mezi Tet Entèlijans mw met lespri mw sou trône Saturn Kèm tounen solèy kap klere fan This is my turn