Twòp sa kap goumen pou yo zetwal lè vedèt monte nan tèt Pandan map goumen la chak jou poum' ka fout Rete konstelasyon Sa fèm mal lèm tande spit yon Nèg bo isi K' copie paste, yon etranje, shit mesye Jere contrefaçon n' Nan sphère céleste bò isit la map rete Zetwal an gouf Pandan map gad sak pran esans rap Pou punchline a kalanbou Etid astral rim Mw se nanm kap fè lakilbit Se pa sak kenbe mikwo k'pa menm gen skillz devan piblik Non Konstwi Tèt sak ap vini m'genyen kòm misyon Met Brain, ret lwen, mesken, k'desten w' filston M'drop sou beat an Baka Africa Bambata Sak'dim fè Rap Hougan yo se maji k'la banm bat kat Pratik, lari, atis, kap Di, sak kri, nap viv, chak jou Hip hop kilti se vrè fason black ka viv tou patou Kon Di Blay-Z Rap anndan m' kou posyon Majik Astérix Pandan yo star nan Rap Mw m'fout Vin a doctrine astérisme Gwoupman etwal n'on sèl kò Syèl noktin plim sèl kòd M reprezant'on figi remakab, stil yon sèl dògm M s'on reyinyon kèk star ou met rele m konstelasyon Wap trouve fòs enfini nan nou chak lèw kontre n' ak son Kadans astral se zik nou, puisans se plim ou Konsome sak bon yo ede'n reveye sak pi soud Chache konsyans kay pi fou, touche nanm bay espwa pou viv Rit Pwezi Magic Brain wi nou bay espwa pou li Men nou kòm limyè, kòm imen Kòm etwal wi kòm limen Twòp nèg pote tit rapè nan fwote flow ki pa kimen Chematize gwoup sa k' bay yon figi k' pot'on reyon Fèy nwa pou desine yon star just pot yon reyon (plim) Bò isit, sa yo pran kòm vedèt poutan k' pap kreye Wi tankou B-Clache malgre w wèm nwa m g'on limyè kap klere'm Esans Rap mwen pran nesans isit pou sa k' pat klere Sak asonbri lakay mwen limyè mande DèDèl sak klere'm