Sirius Rhymes, Zetwal dèyè sole Lè lalin plenn l'akouche m' kòm bèt lèm move M'fè track sa ak pye m' sou tè but tèt Mw nan nyaj la JA-M EniGmatiQ Nèg kap fè Game Maj la M'sele nan kalfou 4 game l'an tout sak tounen Bourik deja K'kouri deja, lè beat la resisite m' la k' mouri deja Tou kite sa Pa kenbe mic siw pap fight pou rive la M'viv de sa Fòw pile wòch boukannen pouw pile la Mèt tèt tounen valèt devan pòt tounen dèyè kay Siw pat tande m' se paske m' te fon poze dèyè Vybe Gen sak mande pouki m' son zetwal ki paka briye la Poutan se kote Mw ye a twòp je paka rive la M'son foumi yo bezwen wè k'toujou ap travay nan tenèb Mpat janm chwazi fè rap nan sousi pou non m'te pi selèb Men pito pou viktwa Hip-hop Se pa t yon kesyon de seza Se pou rap te ka fè ekla Yow Si se pou defann rap map mouri mic a la men Pou sak vle l' dead pou enterè m'wè foul la bat men Espas tan sèl limit Mw se Physicalité M'gon lespri ki pran fòm matyè ke physique ka lite Sim kanp'an kreyatè nan rap se pa paskem' pa zetwal Sim vle van poum al lagonav se pa paskem pa met vwal Still underground aprè 2 deseni san foli vedèt San egri sak blow up sou Mw la san foli refèt Mpa bezwen télescope poum' fout fè astrolorim M'do g'on rim, hmm Dogon ri m' poum' fè sak Holorim Chaje Rapè bò isi k'ta dwe nan literati Lakay Men domaj nou g'on Pèp menm de pwòp tèt li li pa mind Sak' konn li mouri pòv isi Powèt mouri mandyan bò isi Lavi n'kale kou grenn chen nou tout konn kibò l' gade Zetwal file sou tonbo sila k' konn kibò l' prale Powèt ki pale l' tou nan djèz Plon gaye mo sa k' tou nan tèt