Gade kisa egzòd fè lakay mwen Gade kiyès batey pran lakay mwen Gade kisa egzòd fè lakay mwen Gade kiyès batey pran lakay mwen Nèg Ayisyen gason vanyan yo Nèg Nago Gaga, nèg Ginen yo Nèg Ayisyen gason vanyan yo Nèg Nago Gaga, nèg Ginen yo Kilès k'a ede m chante Kilès k'a ede m sakle Kilès k'a ede m plante Ki va ede mwen rekòlte Anye anye, anye anye, anye anye Anye anye, anye anye, anye anye Anye anye, anye anye, anye anye Anye anye, anye anye, anye anye Frè m yo ale Simbi lan dlo Frè m yo ale Ginen lan bwa Frè m yo ale Simbi lan dlo Frè m yo ale Ginen lan bwa Kilès k'a ede m rache diri Kilès k'a ede m kase mayi Avèk ki m'a va al nan sori Avèk ki m'a va al nan kòve Kilès k'a ede m keyi kafe Kilès k'a ede m simen pitimi Frè m yo ale Simbi lan dlo Frè m yo ale Ginen lan bwa Frè m yo ale Simbi lan dlo Frè m yo ale Ginen lan bwa Sa fè nanm mwen g'on sanglo wo Ki sanble Yanvalou lan dlo Ou pa wè nanm yo g'on fòlklò wo ki sanble ak kilti pèp la Pa tande kè yo g'on tanbou wo ki bat tankou tanbou vodou Tim-tim bwa chèch kilès k'ap vin pran la relèv Pou la kilti ka leve tèt Si egzòd vin rasanbleman wo, braceros va tounen kay manman Tim-tim bwa chèch kilès k'ap vin pran la relèv Frè m yo ale Simbi lan dlo Frè m yo ale Ginen lan bwa Frè m yo ale Simbi lan dlo Frè m yo ale Ginen lan bwa Tim-tim bwa chèch kilès k'ap vin pran la relèv Pou met Ayiti kanpe woy Anye anye, anye anye, anye anye Anye anye, anye anye, anye anye Anye anye, anye anye, anye anye Anye anye, anye anye, anye anye