Men tanbou si w tande ransanble yo souple Gen lontan n separe tanpri fe n jwenn rasin o Mmm, mmm, mmm, mmm Men tanbou si w tande ransanble yo souple Gen lontan n separe tanpri fe n jwenn rasin o Mmm, mmm, mmm, mmm Men tanbou si w tande ransanble yo souple Gen lontan n separe tanpri fe n jwenn rasin o Mmm, mmm, mmm, mmm Wo yo yo, yo yo yo yo yo yo yo yo yo yo yo oooy Iye iye iye, iye iye iye e Iye iye iye, iye iye iye e Iye iye iye, iye iye iye e Iye iye iye, iye iye iye e Sa fè lontan depi yo separe nou Depi lè nou te kite tè Lafrik o Lè kolon pran nou mare tankou bèt Pou yo te fè nou kwè ke nou pa sanble Pou yo te fè nou kwè ke nou san valè Se pa vre nan Ginen nèg te trayi nèg Se pawòl pou yo fè nou ret divize Pou pa janm gen renmen pou pa gen linyon Sa fè lontan depi yo separe nou Divize nou pou yo ka toujou renye Jodia nou konpran n e nou jire Jodia nou konpran n e nou jire Si nou la sèke nou sanble Si nou sanble sèke n ka renmen Nan renmen na va jwenn linyon, woy! Linyon va di sa nou ye sou latè Linyon va di sa nou ye sou latè Linyon va di sa nou ye [Moun nan peyi a, valè yo, bote yo, lasyans, zèv atistik yo Eritaj kiltirèl yo nan sivilizasyon yo, se sa ki yon nasyon Lanmou, linyon ki makònen lavi nan sosyete nou, sekirite ak Lajistis ak respè dwa lavi, timoun yo, granmou yo Se sa ki fè yon nasyon, yon nasyon, yon nasyon] Tout gason tout fanm peyi dayiti Fòk nou kanpe kale je nou gade solèy Tout granmoun ak jenn moun nan peyi a Fòk nou kanpe pou n reklame tout dwa nou Jire pou nou toujou kale je nou nan je tout moun Jire pou nou toujou renmen pou n toujou gen linyon Jodia nou konpran n e nou jire Jodia nou konpran n e nou jire Si nou la sèke nou sanble Si nou sanble sèke n ka renmen Nan renmen na va jwenn linyon, woy! Linyon va di sa nou ye sou latè Linyon va di sa nou ye sou latè Linyon va di sa nou ye Iye iye iye, iye iye iye e Iye iye iye, iye iye iye e Iye iye iye, iye iye iye e Iye iye iye, iye iye iye e