Madanm, pouki se pye atè ou ka bale Nan bonmba byen lwen ki gen anpil pikan Misye, anba solèy pa nou se gwo tradisyon Pou tout moun nan otè mache pye atè Madanm, madanm, kòman ou ka rele ti sous sila a Kote moun lakay ale bouske dlo Misye, depi mwen tou piti mwen te konnen Sous sila yo rele l eli tò ou rezon Manman m te konn ale, papa m te konn ale Fanmi m te konn ale, Ti sèm yo konn ale Tout timoun yo ale, pye atè nan chimen Tout granmoun yo ale, ti zòtèy yo ki ale Madanm sa a, pa manyen li Se manbo li ye, la manbo li ye M di nèg sa a, piga w touche li Se dosou m li ye, marasa mwen ye - hey A a aaaa a A a aaaa a A a aaaa a Kachimbo l nan bouch li siyoka l sou do l Tout moun ap gade li men li pa p pale Kachimbo l nan bouch li siyoka l sou do l Tout moun ap gade li men li pa p pale Woooy, sa kap pase lakay wa voye di mwen, oo oo Sa kap pase nan mòn voye nouvèl desann Sa kap pase lakay wa voye di mwen, oo oo Sa kap pase nan mòn voye nouvèl desann Madanm sa a, pa manyen li Se manbo li ye, la manbo li ye M di nèg sa a, piga w touche li Se dosou m li ye, marasa mwen ye - he hey Madanm sila piga a w manyen l M di nèg sila piga w manyen l Men moun sa yo se pitit nèg ayè, nèg ayè Madanm sila piga w manyen l M di nèg sila piga w manyen l Men moun sa yo se moun Nanchon lakay, nanchon kreyòl Baaa boumba bwa fouye k ap desann nan rivyè bò lakay o, kay o Baaa boumba, pipirit k ap desann nan rivyè bò lakay o, kay o Madanm sila a, m di nèg sila a, eee Baaa boumba pipirit bwa fouye nan rivyè bò lakay o, kay o, ba