We eee ou we eee ou we ee ou we We eee ou we eee ou we ee ou we Lè wa tande kòk chante, 5è di maten rive Pran djakout ou pou w al nan jaden Lè kòk chante se jou a ki pral lève Pran zouti w pou w al nan travay Pa bliye manchèt, koulin Pa bliye kouto digan w Kòve se lespwa pou la rekòt Pa bliye sezon lapli, pa bliye lalin nouvèl Kòve se lespwa pou demen Se vre gen lontan wap travay konsa Se vre zonbi yo di anyen pap janm chanje M mache pye atè, mwen se yon bouda chire, pitit ou yo pa janm al lekòl Ou toujou mache pye atè Pantalon bouda chire, pitit ou yo pa janm al lekòl Pa bliye, ou menm tou Ou se yon gwo fòs nan peyi a Pa bliye, ou menm tou Ou se yon gwo fòs nan peyi a Si w pa travay latè Manje gen dwa pa janm desann lavil Abitan se vre, si w pa plante manje Manje gen dwa pa janm desann lavil Nèg lan mòn se sa We eee ou we eee ou we ee ou we We eee ou we eee ou we ee ou we Na sonje, travay latè Se chimen pou peyi nou grandi Kouzen, pa bliye ou se yon gwo fòs nan peyi makaya Rele makaya e Rele makaya e ya Rele makaya e Rele makaya Rele makaya e Rele makaya e ya Rele makaya e Rele makaya Abitan pa janm gen jistis tande Epoutan se yo ki redi souple Abitan pa janm gen jistis tande Epoutan se yo ki redi souple Travayè pa janm gen jistis tande Epoutan se yo ki redi souple Moun sa yo pa janm gen lajan tande Ou ka wè se yo ki redi travay Wo ou wo ou wo ou wo ou wo ou wo o Rele makaya e Rele makaya e ya Rele makaya e Rele makaya Rele makaya e Rele makaya e ya Rele makaya e Rele makaya Anpil moun nan peyi dayiti pa janm gen jistis se paske yo Malere, Kouzen pa bliye ou se yon gwo fòs nan peyi makaya e Rele makaya e Rele makaya e ya Rele makaya e Rele makaya Rele makaya e Rele makaya e ya Rele makaya e Rele makaya Na sonje, travay latè Se chimen pou peyi nou grandi Kouzen, pa bliye ou se yon gwo fòs nan peyi makaya Rele makaya e Rele makaya e ya Rele makaya e Rele makaya Rele makaya e Rele makaya e ya Rele makaya e Rele makaya