Gen lontan n ap chèche yon lwa Yon sèl lwa pou n fè yon nanchon Gen lontan n ap bouske yon lwa Lwa mantal ki pou di fyète nou Diyite pou tout frè nou yo Diyite pou tout yon nasyon Yon nasyon menm aspirasyon Menm Deviz, menm Kwayans Nèg sa yo rele n peyizan Nèg sa yo rele n pwoletè Nèg sa li menm se gran nèg Nou tout se menm zanfan yo Pitit mesye vètyè yo Nèg yo ka vanse la Si yo bliye ipokrizi Si yo vle detwi jalouzi Pou yo konstwi yon peyi Bati yon nasyon Sou chimen devlopman Yon peyi k ap lite Yon peyi k ap chante Yon peyi k ap mache Chèche verite Yon peyi k ap lite Yon peyi k ap chante Yon peyi k ap mache Chèche verite Men se kiyès ki konn chimen an Ki va di nou ki kote nou pwale? Men se kiyès ki gen flanbo a K ap klere chimen an pou n pa tonbe? Tan an rive pou demokrasi Manman w sonje konstitisyon an Gen sa yo menm ki adòpte li Gen sa yo ki voye l jete Gen lòt yo ki pran l yo bafwe li Mesye yo preche linyon Men kè yo gen twòp vye pasyon Nèg yo vle lwa pou jistis Anpil nan yo se anachis Yon peyi k ap lite Yon peyi k ap chante Yon peyi k ap mache Chèche verite Yon peyi k ap lite Yon peyi k ap chante Yon peyi k ap mache Chèche verite Men se kiyès ki konn chimen an Ki va di nou ki kote nou pwale? Men se kiyès ki gen flanbo a K ap klere chimen an pou n pa tonbe? Nèg yo ka vanse la Nèg yo ka vanse la Nèg yo ka vanse la (si yo bliye ipokrizi) Nèg yo ka vanse la (si yo vle detwi jalouzi) Nèg yo ka vanse la (pou yo konstwi yon peyi) Bati yon nasyon Sou chimen devlopman Nèg yo ka vanse la