Timoun nan breya Timoun lafòsèt, sentelèn, lasalin Timoun Raboto Zanfan site yo, janrabèl, plenn Dedin Timoun nan mapou Timoun kat chimen Timoun lakou foumi yo Zanfan kafou yo Chak jou k' beni lè solèy la leve N'ap rele la Chak nwit modi lè zetwal y'ap file N'ap tonbe la Timoun yo fè lagè Kache nan simityè Yo manje nan lari Yo dòmi sou lapli Pitit malerèz vandal yo touye yo lage nan chanye Pitit peyizan yo touye nan Fon bwa bay kò yo fè fimye Pitit bwasewòs po zenga kwatchòkò la Timoun gwanntanamo yo ekzile Zanfan lanmè manje yo Chak jou k' beni lè solèy la leve N'ap rele la Chak nwit modi lè zetwal y'ap file N'ap tonbe la Timoun yo fè lagè Kache nan simityè Yo manje nan lari Yo dòmi sou lapli Timoun yo pa gentan danse ibo Yo pa gen tan danse kongo Nan lago delivrans sou chimen bò lakay Koukouwouj bare yo Koukouwouj bare yo Koukouwouj bare yo Timoun yo pa gentan danse ibo Yo pa gen tan danse kongo Nan lago delivrans sou chimen bò lakay Koukouwouj bare yo Koukouwouj bare yo Koukouwouj bare yo Yo pa gentan danse ibo Yo pa gen tan danse nago Nan lago delivrans sou chimen bò lakay Koukouwouj bare yo Nan lago delivrans sou chimen bò lakay Koukouwouj bare yo Timoun yo Timoun yo