Hip hop jiska lemoroyid Donk m pa ka bese pantalon m Talan m sou steroyid se pa kounya a m ta bay talon m M son w melanj konviksyon rezon ak kontradiksyon Ak bon entansyon san pretansyon vin bay leson Radjiv Dedy Simonis Nathan Thelemaque Sylex Ant yon tèks ak yon pwojè mizik chwa yo te konplèks 1 tèks, 2 tèks, 3 tèks tou sèvi m pretèks Yon rezidans ak yon paspò pou m mete l an kontèks Echèk pwojè lavi ak enpak santimantal Toujou menm Kalib rap la, punchline’ anti san sal Ekspè k pote avi l ak flow sou enstrimantal Toujou menm K-Lib la ak Hip hop pou enstwi mantal Rap reyalis ak kèk imaj san fotochòp Yon vrè atis k ap challenge sistèm nan san fè pouchòp Albòm sa a son w melanj endiferans lanmou ak layèn Konsa tou m pare pou m pwan endesans lang nou ak la pèn M fin tande D-Fi, KenFs, Jah M, Èd, Blay-Z, Mozo, Mawon Rap ak fon k te nan Bafon pete plafon pandan m mawon Nan mitan rap bounda pa won, pil pwojè makawon 2016 karyè m te Dead donk m al devan Bawon Rezoud pwoblèm depans Rap panse pa ranpli pans M pa p chèche defans M konsyan rap son w penitans Nan tout sikonstans Bousòl mwen rete koyerans M pa t vle pran chans san pran an kont nyans evite non sans Sa k fè pati Rap, sa Rap fè pati san Rap Sa k pati ak Rap, sa Rap pati kite k ap Ak Sa k pati k kite Rap kou mwen life t ap bay move Frap M te kwè m te pati ak Rap mwen jouktan m tande TRIAKK M rape pou sa k sanble m Pandan m son w egzile M kenbe sansibilite m Men m pa gen kouray 35 Zile (Respè) Jouktan mayi mi Shello panse m t ap rete goumen Poutan se mwen k ap mi yo pa t menm vle kite l donnen Au nom du père et du fils et de l'écriture Shelo pleb klick klick appelle ça rap plénitude Y 'a plus de dissidences oui avec des sons denses J'assure la descendance sans aucune condescendance An absans ou te gen papa menm jezi rap Nèg yo tonbe imite bicha pou yo ka dezirab Mec c’est toi que je suis Et je suis ce que je suis ce que je sais c’est quand je saigne c’est de l'encre que j'essuie Vin gen plis betiz yo manke metriz Yo manke met skills on pakèt eskiz Thug sikrelo fè manba Rap intelect fèm anba Sanble gen twop plake k fèt ki fè rap la vin tèt anba Rapè lage nan mande dyaspora s on gran dram Men w konnenm pa stil atis k ap tann transfè pou pran ka m Zen sou Fesbouk te fè anpil lage nan vakam Men te gen Ja m, te gen Blay z k t ap ba yo Defi Ta poésie est vivante G. I legacy