M s on w lotri k nan latrin K on w latriye nan lapli m ap griye Yo lapide lavi m Layite sou lavni m ap kriye M koupab m e m viktim M pa konn Ki konba m ap livre Listwa m sou figi m, men si w pa moun ou pap ka li l vre M an Mal atansyon M ap viv mal ak tansyon San eksitasyon, pou bonè m s on w eksepsyon Kò m tounen prizon m Presyon ak desepsyon Poze egzistans Kesyon M pa ka gad refleksyon m Rèv mwen ap tatonnen E m pa fenk tanmen boujonnen Lide nan tèt mwen makonnen Sa mwen plante pa janm donnen Dè fwa gran jounen, mande m kote m ye m pa konnen Pa vi n kraponnen m Pou mwen lespwa s on w pawòl Doulè se mwen ki gen Monopòl 14 zan lekòl se kay tòl E solidarite sou pewòl Se pa tout blese tan geri Pa m yo l pa sispann agrave M ap souri pandan m ap peri Desten pa m se nan wòch li grave M ap viv nan yon paralèl inivè M pa anvi wè ni moun ni limyè Nan rèv mwen m anvi al pase Letènite m Paske reyalite m s on w lanfè Nan mitan solèy n ap chache syèl Lanfè nou gen koulè ke Lakansyèl Yon lanp tenyen sou avni m di m Lamizè pa kabann M kwaze lepe ak lanmò chak jou sou wout mwen kadav se po kann Nan wout lanfè m ap chache lavi M pèdi lafwa nan chimen lakwa Lespwa m pa lavil, m pati chache l anba rak bwa Yo fòse m janbe dlo, bwote m anpile m kou fatra anba pon Anba po m gen san nèg mawon, m sove men m pa kapon (Non!) Non m, koulè po m, istwa m te toujou senbòl rezistans Distans ak tan se rans nan batay pou egzistans Tankou dlo, lavi pi gou nan bouch sa k pa genyen Se je w ki louvri chak fwa yon pòt fèmen Chak klète s on w lòt jou, Nou grandi anba tray Pa gen pi fon toujou, pito n mouri pandan n ap batay