M fè l ak nou tout Ki toujou sipòte m Nan mache bwete, tonbe, leve, kòmanse Gras ak nou tout M grandi e m vin pi fò M pran ni kout men, ni kout pye, tout ede m vanse M fè l pou nou tout Sa k di m te dwe rete Maklouklou pa nan bounda w, w ap rele peze M fè l san nou tou Sa k di m gen foli fò Sa k kritike mwen ki poko janmen tande m Chache zetwal nan kaye m gwo lajounen Solèy fè ti ba sou figi m ki te chifonnen Benjamin se po fig, goud se ti monnen Lè m jwenn se pa nou tout m ap kite konnen Djaspora pa rezilta asansyon sosyal Men move lavi, yo pa ka ba w twofe pou sa Pran swen fanmi w, mete manje sou tab ou s on devwa, yo pa ka felisite w pou sa M jwe ak anpil lèt pou m pa gonfle nan chif Chak trak se trip mwen, m lage tou vif M pa fè rap pou kòb, rap mwen plis sou bif M al fè kòb pou m ka rap kif kif Di m depi kilè desann mòn te mande efò M vin pi fò, echèk mèt al chèche ranfò M p ap pale de kò mwen sèlman chanje dekò. M ap toujou bat rekò Se pa crack ki grandi men move deal krake zo m M poko rive, yo di m fini M redemare a zewo m Anvan m tounen yon vye souvni Yon bon moman nan yon foto M ap woule sou avni M p ap pran poto nan menm loto Kontradiksyon m yo se sa k di m vivan M pat dèyè diferan nan viv nan Ilizyon, nan ti klik atis gouvèneman Pye m te toujou atè menm lè lespri m nan van M pa t jwenn sipò près nan kenn kontèks M plen pwojè k bwè sitotèks yon pil gwo tèks Ki vin banm on pil konplèks, m vin psikotèks Siksè vin pi konplèks Echèk ak chèk konn konèks San mamote, m vin pale w de lwayote Menm jan pou gide m lwa yo te La lè yo t ap ban m kwa pote Fanatik yo ret priyorite m Menm si m te swete ekri m yo te Anpeche kèk kriyote M fè l ak nou tout Ki toujou sipòte m Nan mache bwete, tonbe, leve, kòmanse Gras ak nou tout M grandi e m vin pi fò M pran ni kout men, ni kout pye, tout ede m vanse M fè l pou nou tout Sa k di m te dwe rete Maklouklou pa nan bounda w, w ap rele peze M fè l san nou tou Sa k di m gen foli fò Sa k kritike mwen ki poko janmen tande m Ak on rap salè minimòm m pa nan tete lang Lè m wè ki lè Evans Paul resi fin peye lwaye l Chak fwa echèk fè m filalang Ak laj k ap monte m oblije ranvwaye l Zo m yo fin rèk, jenou goch mwen rèd Do m fè mal, m pa ka plwaye l Bò ronn m fè tèk, Rap mwen mèt mò rèd Sistèm pa p ka anplwaye l M pa t gen ase views sou YouTube Klip mwen yo twoub, dizon m f on koub Mèvèy pa fèt ak goud sof poud Nan mitan dout, m te dwe fè doub Viktim disiplin big dream Kilti m, real team dream team Pa vi n di m, pik vi m se fiti m Respè pou sa k te kwè m lazy kou Big Jim Rap mwen granmoun pandan l ap rajeni m M se youn nan ra jeni k p ap ajenou, nan raje M viv se ra je nwi m M ret ajen ni w p ap wè m k ap kache vi m, ou pap wè m k ap jemi