Albòm sa a se pou m di sa k ap vini yo, m pa t yon konplis Apre pèn ak moso lajwa nan rap, m pa t janm konn plis M pral di tout sa m pa t di Tout sa yo pè di, pale nan tèt tèt di Tout punchline pèdi Po klè monte echèl, yon ekonomi kriminèl Si ti nèg nwè vle vann fè, kawotchou ou posede makèt Leta ap kidnape l, an sòtan Labank l ap pran yon bal nan tèt Pouvwa politik s on dwòg, depi w pran l ou vin kriyèl Pa gen peyi san boujwa a, men sa k la a yo se machann Se pèpè, pwodwi enpòte ak peyi yo vann Koze koulè a fò n poze l, sa pa vle di nou rasis Si n mòde dwèt k ap ban n manje, se paske l ap fè n lasisin Toutotan gen deal anba tab Kondisyon k pa ekitab Ret nan diskou nou tout koupab Pa pran moun onèt ki kapab Pa vote pwojè remakab Lavi n ap ret mare kou krab Dlo ravin bwat chenn p ap potab Menm lè w ta plen l ak akwatab Sosyal tounen biznis sou rezo rekòlte pil kè Plat manje ak labèl palmantè Sèlfi ak kit alimantè Enfliyansè san enfliyans, yon pil ransè Yo pa sensè Pwofil vòlè yo san filtè, nan je nou yo voye yon pil tè Zam enkonpetans ap toujou tire bal koripsyon G on dosye ki te f on polemik, sou li m pral f on reyaksyon Si entèlektyèlman w gen zewo o kosyan Se sèl nan vòlò w ka fè yon masters a 17an M t ap tann saa aa N pran nan krizokal 100 kara Entèlektyèl lespri Boulos, tèt Sankara M ap f on rap ilegal ki letal Bandi ki legal ak metal Atis jere bal li kè kal Polis vide bal pou leta l Politik pa batay pwojè ni lide men lidè Tiyè gangstè ap fè imanitè libelibè Nan fant dan dirijan w ap jwenn moso vyann moun Repiblik mò vivan devan lamò nou pa youn G on bann defile k defile, sanite Belè yo boule On bann kapwa van lanmò fè tonbe sou chwa l, men k releve G on Desalin site solèy k ap travèse Rio grande Move lide sèl kòk chante, l nòmal pou tèt ti nèg vire M wè machin 100mil dola kou mouch k ap woule sou fatra Klas mwayèn al nan waf Mayami, al ranmase fatra Pou l vin vann Ayiti pou nèf, pou l mouri sou pil fatra Politisyen pil fat rat se sa k politik fatra M ap lage san pran souf M pa militan nan bouch M pa tankou rapè angaje nan booth Kilti a n ap bay pouch Ak atizay sou do m pot tray M pa gen gwo pòtray Ni m pa konn plis bagay sou Ayiti k on machann sou Pòtay Sa a s on rap kont atak tak o tak Full kontak, Wi m nan kont ak Tout baka politik ak manda back to back Enstitisyon pak an pak, sèvis leta k pa gen plak Fè green back Bann kraze bak Pran n pou makak, yo p ap fè bak Nan bay Amerik Latin pwofesyonèl pou mèsenè M t ap di chwazi bon sib, si m te ka pale ak bandi Si ayisyen se Pèleren, 5 ret yon chif mistè PHTK bay PHTK pran ke non li modi Kòman w vle m sispann rap lè pwoblèm sa yo anba je m Silans kèk frè fè m anraje m oblije angaje m L'artiste ne naît pas cocorat, il le devient Menm jan depi lè m konnen m pral nan lanfè m sispann kretyen Si m te ka di yo priyè chat ak rat pa ka al menm kote Loksidan ap eksplwate w, avè l w ap priye menm bondye Tankou Miki pèdi 2 kay pou taks Etazini 5 an Ayiti l bati youn pou 9 milyon Bank ba l kredi Pou mizik sa kèk moun pra l di m chache yon kote m grate M ap grate kote pa grate m M so n graten Hip hop Gate Si w ap tande m an 2050 a 40 an konnen w lwen W a va konnen Ayiti 2021 Se te penn ak kè sere Plenn nan kè se vre Jenn k ap gaspiye Ren manman k mare Outro W a va konnen Plis ke 10 zan depi tranbleman yon gwoup nèg ak konplisite entènasyonal kenbe yon peyi nan gòj Vòlè, souse, kraze, piye, bwè, fimen Pandan peyi a depafini, sa k pa mouri ap pati oubyen tounen bandi ak Yon graten lòt k ap fè rezistans ak yon kraze bak