Si te gen jistis sosyal pa t ap gen pi gwo tripè pase m (M t ap toujou drip)
Okenn atis komèsyal nan pale fè chacha pa t ap depase m (Estil mwen t ap flip)
Nou panse m kwense! N t ap sezi wè janm renmen party
M tande Rapsody pou rap solid, men m renmen wè Cardi B

Si m te g on bon alibi, m t ap f on rap jwi lavi
Ki pale de shawdy, pou fè w go crazy
San mezi, san redi, pou ba nou tout plezi
Ak tèks ki funny, ki fè medam yo horny
Sèks, kleren, manje lanbi, tande bon pwezi
Flex nan peyi k ap depafini
Manti, nanti, blan di, dan di, Bandi
Ou pa konn si w ap antre lè w soti

M pa ka trip pandan trip ap kòde
Bal ak enstriman m tou mal akòde
Men m pa debòde m p ap fè kòve, yon pil fistrasyon k ap debòde
M ba w de 3 bit pou w tòde kò w
Detòde figi w Men si w dekòde l
W ap wè s on kout lang dan m te dwe mòde

Yon pèp k ap chante, danse toutan ap rete vivan

Malgre move tan, m anvi di w fete
Boule lajan, party san rete
Pouse lafimen pase boutèy
Fanm yo tou limen, m sou fè lòbèy
Men m pa ka bann plezi nan kè sote

Menm san lajan n, toujou sou fete
Boule lajan, menm si nou prete
Si pi fò peyi a pat toujou an dèy
M t ap pi gwo star ki t ap pale de krèy
Men m pa ka ban n plezi nan kè sote

Tande non m taka party (yea) fè yon orgy (krèy) girl yo corp nu (hey) screaming for me (hey)
But gen twòp kids (en hen) k ap pran sò di (en hen) pawòl sordid (en hen) aksyon morbid (en hen)
Ki pral al fè l pou tout bon (woy)
Ak pi piti ak pi gran (woy)
Lajenès an pèdisyon (woy)
Kontinye nan pèditan (woy)
Mwen m ta ka chill mwen m ta ka Lit mwen ta ka ak 18 fi
Mwen m Smoking my weed drinking my liquor
Me and click click click
Nou ta ka byen plede tchup plede fèl
Menn paka chill n on sistèm pete fyèl
Gen twòp manman pitit ki pete rèl
Politik lanfè relijyon pwomèt lesyèl
Lafwa pa ka bay sou fatra, pastè nan sak pa sa
Pa chat nan chapacha (non m pa ka vibe)
Lalwa pa ka bay san savwa ki eta de dwa lè kadav sou kadav (Non m pa ka vibe)

Fache n fache n, pale n pale, tankou se mare nou mare (YUP)
Tankou se varye nou varye (YUP)
Tankou se vle nou pa vle

Rap mwen toujou sou goumen
Kawoutchou l toujou limen
Fò m pa ta imen
N on peyi k deplimen
Pou m pale sèlman de plimen (menm si renmen l)

Gade m gade ale n prale
Tankou se bare nou bare
Tankou se gate nou gate
Sanble se gate nou gate

(M Konnen!)
Politik nan tèks mwen w souliye
(M konnen!)
Menm si w ap tande l, se pa sou li w ye
(Tout moun konnen!)
Tank on kretyen pandan l legliz ki tande on rara k souke zòtèy li nan soulye l
    Página 1 / 1

    Letras y título
    Acordes y artista

    restablecer los ajustes
    OK