Epòk anyen pa dire Menm lavi moun Yo te konn fè l pi kri Kounya l fèt pi dri You know the drill You know the deal You know the drill Yow! Yo te konn fè l san pri Kounya l fè plis bri You know the drill You know the deal You know the drill Yow! 2018, 2019, 2020, 2021, 2022, 23 tou Ane 2020 Ane siksè rap la te anven Ane plenn ane grenn Ane atis ale Sendomeng Ane mizik bonjou pwèl Ane krèy, ane fyèl Ane live, Ane fè zèl Ane cashapp, PayPal ak zelle Ane foli ane Covid Ane zen ane buzz Ane bandi ane gro vid Enspirasyon te pran pòz Mwens talan plis stars (Foulay) Underground k ap rap Plis refren mwens bars (Foulay) Atis Kanpe an ke kap Ane rezilta soustraksyon divizyon Gouvènman sou Twitter pwan desizyon, non! Telefòn se televizyon Kòmantè ki bay mizik direksyon New school no school (rabòday) Rap ap fèt san teks No rules more views, (radotay) Sa k fè buzz se sèks Saa se epòk kote tout nèg pwal kòmanse rap on sèl jan an Fè Alsiyis sou bit Epò ane 2010, men l plis fèt 2015, 16, 17 Ane flip ane flap yo ye N tonbe nan Trap Ane hit ane Krab li ye Tonbe nan trap Ane wewe wawa Tonbe nan trap Ane pete chawa N tonbe nan Trap Ane flip ane flap li ye Tonbe nan trap Ane Rap ap pase pwa li ye Tonbe nan trap Ane we wawa Tonbe nan trap Ane pete chawa Nou pran nan trap Ane Rap pase pwa Epòk Shawdy epòk party Rap plis fèt pou senti Epòk Dexter jeans skinny Epòk pi gwo manti Epòk rap koumanse pati On sèl rapè k bati (Zoe) Epòk Djaspora Brezil Chili Micky ak Zokiki Epòk Tenis pi chè ke fanatik ki tounen Rapè pou rape nan vèy Epòk rap kòmanse pèdi bon team pou l tounen kanaval pou l fè lòbèy Epòk Rap pwal pèdi baz, Rap chanje faz Rap monte Taraz, epi l tou vin raz Rap mande vaz, ba li gaz Hip hop t ap peze gaz Epòk boujwa bay Rapè bon jan an Rap antipèp koumanse lave bon lajan an Rap achitèk m ekri teks kou m t ap trase plan Pandan papa m te bati kay avan 30 an Epòk MC fiyèt lalo k tonbe nan chante Rap k pa konn fondamantal Hip hop Kou MC laloz apre 2 hit 2 krèy fè l kwè l sonw lejann nan rap Epòk sku sku my nega my nega epòk vibe on pil kreten Epòk lekòl san klas nan valiz elèv pa gen liv men yon boutèy kleren Entwo Bounce La a banm mennen nou bak an 2000, plis 2006, 7, 8, 9 Kote gen rap komèsyal ak underground Nou te konn fè sampling but nou te fè plis crunk Epòk swag Dirty south Crunk Bounce Epòk Flag Mouchwa Beef fake ass Chawa pot ko fin pete nèt Epòk ti sourit te wikenn Epòk medya n te kamyonèt Epòk grangou kloròks, Epòk naje pou soti Hip hop t ap monte an fòs, albòm kòmanse sòti Epòk Rap souke tèt, rapè apèn vedèt Nou te fenk konn entènèt, Nou t ap streaming nan kamyonèt Nou bat kò n bagay yo te hardcore N pat toujou dakò Epòk premye kontra n te machann kleren, telefòn Epòk Radyo te gen gwo cho, epòk hiphop la te cho Chache bèl flow pou n blow up, vann nan boutlèg kou w pate cho Diskisyon sou tèt mi, Epòk bif epòk woulibè Lespwa pot ko pati, Epòk gwoup ak zòn te lidè Yo pa t konprann, Nou goumen pou sa n kwè nou nan Lakou a E yo pa t vle pran n, nan kanaval nou Rap sou Pakou a Entwo Boombap La a banm mennen n pi lwen nan tan an ankò Nan fondamantal Hip Hop yow Let's take it back to the old scholl the true school Ane 90 kòmansman 2000 Epòk Sample Boombap Fondamantal Hip hop Menm si yo te rele Rap Tout sa k pat rasin ak konpa Epòk Batay Rap, batay, rap bat nay Pot ko gen rap valtay Rap twal kay Rat nan pay kay Epòk walkman, CD kasèt Fè mizik te yon kas tèt Nou fenk dekouvri Baskèt Devan dèyè n met kaskèt Pou n parèt G pou n parèt real Epòk hip hop te mouvman Malgre touman, n te gen plis maryaj ke antèman A chak ba, chak trak se te doulè n nan geto A chak pa, chak traka n te pran l pou n fè plis eko Atis pot ko mandyan Melanje atizay ak Militans Super F Odyx Spanish Radyo antiy n te gen Odyans N te konn viv nan lanmou ak kleren airforce one ak yon timberland Ansanm nou te konn mete men, n pa t ap mennen men n te gen grenn Rap te zam men Lamizè n pat ka tiye Epòk malere ak grannèg te abite menm Katye Vrè rap pot ko jwenn deal, li fè sa lide di l Rapè pot ko pran fil kouraj nou te anpil Tèt MC pa t gwo, Malgre n pa t gen kòb pou al nan stidyo Sou rezo sosyo hip hip pot ko gen foto Pandan fake MC t ap fè mizik luil pou piblik feel Melanje rap rnb ragamuffin pou jwenn deal Tèt MC pat gwo Malgre n pa t gen kòb pou al nan stidyo Sou rezo sosyo hip hip pot ko gen foto Epòk street knowledge street college Rap hustlers Jenerasyon Asrap adept ORS Masters Epòk hip hop baby