Eyy Magic Shottt Ah ah ah Se king street bande enfoirés Gen moman nan lavi w santi w pou kò'w Chak grenn nan nou gon problèm andan'l M'santi andan'm se yon gro kay ki vid ki ranpli ak move espri ladann Emosyon fè pafwa mwen joure Kris nève anvi konn sa ki plan'l Manman'm mouri andan yon legliz eske se ou oubyen djab ki pran'l M'ap rele w ou soud oubyen'w gen kas Eske w réel réponn mwen grimas Tankou grenn pwason ou pran nan nas Eske se sa moun yo rele gras oh God Mpa konn sa ki rele peace m'ap viv yon konba depi nan nesans Pa vin preche'm bòn nouvel tenten sa yo kilè'n ap gen bon sans Fuck de sa ki te di nan la bib Wi'm asire sam di a nan vi'm M'konnen w'ap tande'm epi w ap rim Ou konn fè mirak esa yo di m Mwen genlè anmède w tròp oubyn priyè'm yo pa jwenn ou anlè Deyo'm bèl menm malad andan'm jijman poko fèt santim nan lanfè Lanmò chwazi pran sam renmen plis Emosyon fè pafwa mwen joure Kris M'ap vin pa gen nan sou mwen God di m eske w gen yon plan pou mwen Of course ou gen yon plan pou mwen God ou gen yon plan pou mwen Of course ou gen yon plan pou mwen Oh God, oh God Pafwa reflechi sak kreye humain Respire Domi leve an byen M'pa mouri tout sam genyn sou mwen Genlè tou piti li gen je sou mwen Okazyon pou m pa viv Menm swiv a chak fwa toujou epanye Santi prezans ou tou piti pafwa santi ou pa réel vre Ah ah ah God seulman ou konn mwen renmn'w anpil Fason'm ye a sèl mwen ki santi'l Eske se pechem yo ki anpil Deyo'm bèl menm malad andan'm jijman poko fèt santim nan lanfè Lanmò chwazi pran sam renmen plis Emosyon fè pafwa mwen joure Kris M'ap vin pa gen nan sou mwen God di m eske w gen yon plan pou mwen Of course ou gen yon plan pou mwen God ou gen yon plan pou mwen Of course ou gen yon plan pou mwen Oh God, oh God