KLASS! Fò’m pale mezanmi! Yeba! Tèlman m obsede ak pwobèm peyi mwen Mwen pa kapab fèmen je mwen Soulye a gendwa pa vle di nou Men l konn lè on chosèt gen twou Nou konfonn neglijans ak aksidan Nou tankou on pakèt ti bèt kouran Maladi peyi m paka pi grav Paske pi mal se kadav Anmwe! Anmwe wo! Pou enterè pwòp frè n ap detwi nou Bondye! Bondye wo! Papa ou se sèl doktè ki ka geri nou Pouki n ap fòse pèp la di viv kounya Lè n konnen l pral di aba pita Li fè m mal lè n kouri pou lapli Se nan lanmè nou blayi Pa bezwen konn kiyes ki prezidan Depi yo vote l legalman Mwen bouke wè manyòk kap rache Pou yon pi mal ranplase Anmwe! Anmwe wo! Pou enterè pwòp frè n ap detwi nou Bondye! Bondye wo! Papa ou se sèl doktè ki ka geri nou Pipo kòman w ye!? Nap gade san pran sa kap pran san gade! Adje frè! Se vre wi Richie! Yeba! Pwofèt la pale! Ayisyen tande! Tout tan n gen souf fon batay! Yonn pou lòt! Yonn pou lòt! Nou gen posiblite chanje Se bòn volontè nou manke Kot ti sa n paka fè la?! Nou gen posiblite chanje Se bòn volontè nou manke Adje! Si w konnen l pa bon pou zwa Pa di li bon pou kana Si nap rele chen papa pou zo Diyite n a zero Kay ap bati nan ravin Tankou pye bwa k san rasin Si yon lòt seyis pase Dega yo pral repete Paske nou pa janm pare Pran sans nou! Anmwe sekou! Nap pèdi eskanp figi nou! (Repeat) Nou bezwen yon lòt Toussaint Yon Dessalines tap fè n byen woy Devan radiyès Dominiken Yo ta ede n goumen Tout sak fè nou parèt gran Se nan listwa nou yo ye Nou bezwen lidè vanyan Ki pap preche n reziye Ki gen kouraj ak diyite Pran sans nou! Anmwe sekou! Nap pèdi eskanp figi nou! Figi nou atè a! Pran sans nou! Anmwe sekou! Nap pèdi eskanp figi nou! Si maladi n pi grav nou pral kadav! K-L-A-S-S! KLASS! Manman, manman, manman, manman! JP fè travay ou! Rapidite! Sa li ye! Se nan Klass la! Tout pawòl pale! Wi se nan Klass la! Tout pawòl pale! Oolalalalalala! Quelle affaire?! Pran sans nou! Anmwe sekou! Nap pèdi eskanp figi nou! Nou pa gen respè pyes kote! Pran sans nou! Anmwe sekou! Nap pèdi eskanp figi nou! Si n pa parèt ansanm, nou pral disparèt ansanm wi mezanmi! Heyhey! Al medite sou sa!