Lanmou ban m blackout Klass again yow pow pow Lanmou ban m blackout Nou toujou nan menm adrès la Lanmou ban m blackout E pou yo jwenn ni Lanmou ban m blackout Mwen pa ba n manti m gen alkòl nan tèt mwen Mwen pa sou mwen jus ap jere pwoblèm mwen Koze pa pou nou men tande m Sila k pi bon pase m mèt juje m Mwen gen yon moun m avè l se la semèn mwen wè l Leu m ap envèstige m aprann li angaje M te ba l tout atansyon m Lanmou make mosyon Chak fwa m panse kite m santi kouran lavi m koupe Lanmou ban m blackout – dèfwa l parèt li disparèt Lanmou ban m blackout – pa gen bouji ni alimèt Lanmou ban m blackout – mwen di li pa pou mwen l gen mèt Lanmou ban m blackout Bon se mwen k ap eksplike w, tande m Mwen pa renmen moun fè desizyon pou mwen Verite boule men w mèt lage l sou mwen Si m ap riske m konnen m ka soufri Men m ap asime si se mwen ki chwazi Mwen deside konfwonte l pouki se mwen m mande l Li avwe m li marye men l di m vi l pa konble Li di m se leu li wè m, li di m se leu l avè m Li santi l ekziste, si non kouran lavi l koupe Lanmou ban m blackout – dèfwa l parèt li disparèt Lanmou ban m blackout – pa gen bouji ni alimèt Lanmou ban m blakawout – mwen di li pa pou mwen l gen mèt Lanmou ban m blakawout Fanatik prete m flash S on lanmou EDH Wayay oh wayay Oh ou fè m mal Woy se pa ti kou non JBrooklyn Se pi move kou lè ou pa konnen W ap tonbe damou nan move chimen Si l te ban m verite m te ka aksepte Men kote gen manti lanmou pa fleri Moun ka soufri Nan lavi sa chak moun gen kou pa w Sou ti bout tè sa chak moun gen jou pa w Wayay oh wayay Oh ou fè m mal