You're gonna like this one Klass to talk, Klass to jump cmon Se li ki mete f nan flannè Li tèlman madre l met las trèf nan pokè Nan game nan se li k pi bon jwè Li pa pafè men l pa janm fè erè Li di li gen on bon fanm gras a Die Sa fè nevan depi yo marye On ti gason dizan yap leve Kè li kontan lavi li konble Yo toujou li pitit li pa sanble dèfwa sa fè l fristre Li toujou defann madanm li tèt kale S on nonm konsa li ye Yon jou matin li deside mete dout sou kote Li pran pitit li l al nan on sant de sante Sa w tande a Anmwey - Vwazinaj rele mande sa k pase Anmwey - Paran panike mande sa k rive Anmwey - Li foure men nan pòch rale DNA a Anmwey - Genlè l pran nan on fo mamit li pran on kout pitit Li pran on kout pitit Madanm parèt konsa l pantan Li pa konn ki pye pou li mete devan Ti pa chat se kout manchèt nan do Men lè gen timoun se kout kouto nan do Mesye a gentan dezole ti gason an menm fin debousole Atitid li lekòl pachiman Ou paka blame l s on kout papa li pran S on sitiyasyon tout moun soufri pandan tout moun sibi Sosyete peye l a timoun mal tonbe sa se la verite Premye moun sou tè sa li fè konfyans manman se referans Sa k ta di jodya l ta gen degoutans mwen tande Anmwey - Vwazinaj rele mande sa k pase Anmwey - Paran panike mande sa k rive Anmwey - Li foure men nan pòch rale DNA a Anmwey - Genlè l pran nan on fo mamit li pran on kout pitit Lè w panse w konen w bay on kout pitit Se pitit la ou bay kout papa Di m ak ki kouraj ou fè sa Timoun nan pa merite sa Ti mesye pa fè kè n sote ti medam Klass yo pa konsa Klass nan kay la Anmwey - se ou l te fè konfyans Anmwey - kounya l gen degoutans Anmwey - foure nan men nan pòch rale DNA a Anmwey - genlè l pran nan on fo mamit Li pran on kout pitit